Accessibility links

Breaking News

Brezil Desann nan Tablo FIFA a


Football

Itali klase numewo 1 mondyal devan Arjantin depi Brezil klase an 3 zièém pozisyon dapre dènye klasman FIFA publiye jodi a. la Frans, Almay, la Oland, Portugal, Angletè, Espay ak Republik Tchèk konplete lis 10 premye seleksyon mondyal. Meksik ki ki klase 18 tièm se premye reprezantan nan KONKAKAF la. Etazuni klase 29 vièm epi nan Karayib la Kuba klase 65 kièm, Trinidad and Tobago klase 66 zièm, Jamayik klase 68 tièm epi Haiti klase 86 zièm.

Chivas de Guadalajara ak Pachuca--2 klub Meksiken-- ap rankontre jodi a nan kad match ale final KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon. Chanpyon an ap reprezante zòn nan kan koup du mond klub FIFA ki gen pou dewoule O Japon nan fen ane a.

Prezidan Milan AC Silvio Berlusconi fè konnen li dispoze ofri plis pase 125 milyon dola pou sèvis brezil Ronaldinho kap jwe nan FC Barselò n. Ronaldinho gen 3 zan pou l pase ak Barselòn. Sa pa gen lontan Roberto Assis ki se frè epi ajan Ronaldinho te fè konnen Milan AC se premye chwa si Brezilyen an ta dwe kite Barselòn. Dapre jounal spòtif Italyen La Gazzetta dello Sport anviwon 70 milyon dola ta kapab sèvi pou frè transfè a e rès la kòm salè brezilyen an ki konsidere kòm jwè ki pi byen peye sou tè a dapre yon jounal franse Frans Football.

Klub Ejipsyyen Zamalek pwolonje pou 2 zan kontra ansyen antrenè seleksyon franse a Henri Michel.

Unyon Football Eropeyen an akòde La Polòy ak Ukrèn dwa pou òganize koup dEròp la an tandè m an 2012--yon chwa ki suprann anpil moun lè yo konsidere lòt kandida yo Itali ak duo Kwasi /Ongri. Polonè yo pran la ri pou eksprime kontantman yo.

Doktè yo nan Buenos Aieres an Arjantin fè konnen eta sante Diego Maradona kòmanse amelyore apre plizyè jou li pase nan yon lopital. Nan Salvador seleksyon nasyonal ayisyen an kategori senior ranpòte yon viktwa 1 a 0 sou seleksyon lokal la nan kad preparatif kap fèt pou koup dò KONKAKAF la ki gen pou dewoule isit Ozetazuni pandan sezon été a. Prezidan Federasyon Football Franse a Jean Pierre Escalettes fè konnen jodi a entansyonn pou la Frans òganize koup Deròp dè Nasyon 2016 la.

Basketball

Los Anjeles Clippers konsève chans pou l kalifye pou faz final NBA a apre viktwa 103 a 99 li ranpòte devan Phoenix Suns. Clippers yo kapab kalifye akondisyon yo kale New Orleans Hornets aswè a epi pou Golden State, yon lòt kandida, ta pèdu devan Portland Trail Blazers. Golden State ranfòse pozisyon sou 8 tièm e dènye plas nan konferans de Lwès la apre yo woule Dallas Marvericks 111 a 82. Cleveland Cavaliers woule Philadelphia 76ers 98 a 72. Orlando Majik ranpòte yon viktwa tou mens devan Washington Wizards 95 a 89. Detroit Pistons pilon-nen Toronto Raptors 100 a 84. Atlanta Hawks te fè anpil efò avan li kale Indiana Pacers 118 a 102.

Responsab Basketball ameriken David Stern suspann yon dure endefini abit Joey Crawford pou move kondwit fas vedèt San Antonio Spurs Tim Duncan. Suspansyon ap kontinye jus nan faz final la. Crawford gen pou l rankontre ak Stern pou l diskute re-entegrasyon kòm abit NBA a.

Tennis

Etazuni ap rankontre Beljik, chanpyon sòtan an Itali kont la Chin nan kad koup Konfederasyon kap dewoule weekend sa a. Match Etazuni an ap dewoule nan Delray Beach an Florid ak prezans sè Williams yo pou Etazuni.. Lòt rankont la Rusi ap akeyi Espay nan vil Moskou. La Frans kont Japon nan Limoges. Venkè yo ap kalifye pou semi final la an Juyè. Final la fikse pou Septanb. Koup Federasyon an se ekivalan koup Davis la kay mesye yo.

Swedwa Robin Soderling suprann Rus Nikolay Davydenko 6-4, 6-7, 6-3. Espayòl Rafael Nadal ranpòte 63 zièm viktwa l an tè batu apre li woule arjanten Juan Ignacio Chela 6-3, 6-1 nan tounwa tenis Monte Carlo a. Responsab komite òganizatè tounwa Roland Garos la anonse 100 premye jwè tenis mondyal konfime patisipasyon yo nan tounwa tenis la kap kòmanse 27 Me pou fini 10 Jwen

Sikwi tounwa pou jwè chanpyon tenis ki gen plis pase 30 tan pap jwe sèlman Ozetazuni. Pou la premyè fwa konpetisyon an pral dewoule nan vil Atè n an Grès kote ameriken Pete Samprans, dorijin Grèk, ap patisipe soti 17 pou rive 20 Me. Yon lòt jwè ki gen rasin grèk se Ostralyen Mark Philippoussis. Lòt patisipan yo se ameriken Jim Courrier, d ondatè konpetisyon an. Olandè Richard Krajicek venkè tounwa Wimbledon nan an 1996. Swedwa Mats Wilander ki ranpòte tounwa Roland Garos la 3 fwa. Ostralyen Pat Cash ki te ranpòte tounwa Wimbledon nan an 1987. Ameriken Todd Martin ak yon lòt jwè ki poko non-men.

Cyclisme

Siklis Sèb Ivan Stevic ranpòte 2 zièm etap kous bisiklèt Tour Jòji a menm lè siklis Italyen Danielle Contrini toujou nan tèt klasman jeneral la. 3 zièm etap la ap kouvri 190.2 kilomèt. Konpetisyon an ap fini Dimanch nan Atlanta.

Boxe

Etazuni ap òganize chanpyona du mond Boks Amatè a an 2007 olye de la Rusi dapre anons Federasyon Boks entènasyonal la fè jodi a. Federasyon Boks ameriken dwe chita pale ak komite Olenpik Ameriken an pou konnen vil ameriken kap akeyi konpetisyon an e nan ki dat. Yon seri de pwoblèm lojistik e ekonomik se pami koz ki fè la Rus pap òganize konpetisyon an. 600 boksè kap soti nan 100 peyi ap patisipe nan konpetisyon an-premye evenman kalifikatif pou je zolenpik Peken 2008 yo

XS
SM
MD
LG