Accessibility links

Breaking News

Ayiti Bezwen Estabilite Si'l Dwe Atire Envestisè Lakay li


Edmond Mullet, reprezantan sekretè-jeneral l'Onu an e ki se chèf sivil Misyon Establizasyon Ayiti a, Minustah, eskive kesyon yon jounalis ki te mande'l kouman li wè apèl sèten palmantè kap reklame pou premye minis Pati Lespwa a, Jacques Edouard-Alexis. Anpil palmantè ki pa satisfè ak jestyon gouvènman premye minis la ta renmen wè msye Alexis kite Primatur la. Msye Mullet evite kesyon adwatman e fè konnen li difisil antanke diplomat pou l' reponn kesyon sa a... men li ajoute estabilite enpòtan pou evestisman ak devlopman peyi a.

Nan Kap-Ayisyen afwontman ant band rival kite yon moun mouri ak yon moun blese, dapre yon rapò korespondan nou, Yvan Martin Jasmin tandiske nan Eta Florid la yon gwoup avoka ayisyen e etranje deside reprezante gwoup boat-people ayisyen (102) ki te debake nan koumansman mwa Avril la sou yon plaj nan Miami.

Nou ka ale sou ralonj ki sou tet atik sa a pou n' koute devlopman nouvèl sa yo avèk Marie-Luce Pierre et Jacques Jean-Baptiste

XS
SM
MD
LG