Football
Seleksyon nasyonal kadè ayisyen retounen maten an nan Pòtoprens apre yon vwayaj manch long ki men-nen yo nan Sen Domeng. Dirijan ayisyen yo, fanatik yo te sou plas pou rann omaj ak 11 nasyonal la ki figure pami 2 premye kalifye pou yon total 5 peyi kap reprezante KONKAKAF la nan koup du mond Kore du Sud la an Out pwochen.
Lòt̀ kalifye a se Honduras ki tap òganize kwadrangulè a. 2 peyi sa yo kap patisipe pou la premyè fwa ap tann 3 lòt venkè tounwa ki gen pou dewoule nan Jamayik soti 28 Avril pou rive 6 Me. Peyi sa yo se Jamayik, Kanada, Etazuni, Kosta Rika ak Trinidad and Tobago.
Yon juj nan Sengapour frape ansyen antrenè seleksyon nasyonal Malayzi a yon amand plis pase 33 mil dola apre yo te jwen li koupab pou magouy nan yon match football. Otorite yo jwen Chow Kwai Lam koupab pou tèt li tap chache grate men yon gadyen nan lig nasyonal la pou l kite antre nan kan an 2 gòl pou pipiti pandan yon rankont an 2005. Msye te pwomèt pou l te bay gadyen an plis lajan apre rankont la.
Basketball
Dallas Mavericks danse sou Los Anjeles Clippers 96 a 86 pou l kalifye pou faz final konferans de Lwès la kòm tèt de seri numero 1. Franse Tony Parker make 30 pwen pou ede San Antonio Spurs woule Portland Trail Blazers 112 a 96--viktwa ki mete Spurs ak 2 match an reta dèyè Phoenix Suns pou 2 zièm plas nan konferans de Lwès la. Nan New York, Detroit Piston raproche l pou l klase tèt de seri numewo 1 nan konferans de Lès la apre viktwa 91 a 83 li ranpòte devan New York Knicks. Nan Minneapolis Toronto Raptors remonte yon defisi 9 pwen pou l kale Minnesota Timberwolves 111 a 100. Nan lòt rankont Orlando Majik woule Milwaukee Bucks 117 a 94.
Lamarcus Aldridge kap jwe nan Portland Trail Blazers ap rate rès sezon an akoz yon pwoblèm kadyak.