Accessibility links

Breaking News

Ayiti Kont Meksik nan Faz Final Eliminatwa KONKAKAF la


Football

Anyen poko jwe nan faz final eliminatwa koup du mond football kadè ki gen pou dewoule an Kore du Sud nan group A a kap dewoule nan Honduras. Ayiti fè match nul 1 a 1 ak Honduras pandan ke Meksik fè match nul 2 a 2 ak El Salvador. Apre midi a Ayiti ap rankontre Meksik epi Honduras kont El Salvador. Kwadrangulè a ap fini Dimanch lè Ayiti ap jwe kont El Salvador epi Meksik kont Honduras. 2 premye nan group la ap kalifye pou faz final koup du mond Kadè a kap dewoule an Kore du Sud soti 18 Out o 9 Septanb.

Klub Meksiken Pachuka kalifye pou final chanpyon KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon an apre yo kale Houston Dinamo 5 a 2 pandan arè de je yo. Pachuca pral rankontre ak yon lòt klub Meksiken Chivas de Gwadalajara ki elimine D-C United Mèkredi.

Klub Football espayòl Osasuna sou wout pou l kalifye pou semi final koup UEFA a gras ak yon swif 3 a 0 li pase klub Alman Bayer Leverkusen nan match ale a. Seville ki se yon lòt klub espayòl ranpòte yon viktwa tou mens devan Tottenham Hotspurs 2 a 1. Espayòl de Barselòn kale 3 a 2 devan Benfica de Lisbòn. Klub Olandè AZ Alkmaar fè match nul 0 a 0 ak Werder de Brèm. 2 zièm tou a fikse pou 12 Avril. Semi final la fikse pou 26 Avril. Final UEFA fikse pou 16 Me nan Glasgow a an Ekòs.

Tennis

La Frans pran yon avantaj 1 a 0 devan chanpyon sòtan an la Rusi pandan ke la Swèd ap men-nen 1 a 0 devan Arjantin nan okazyon premyè jounen kar de final Tounwa tenis Koup Davis group Mondyal la. Etazuni ap rankontre ak Espay pita nan jounen an. Match doub yo fiske pou demen Samdi a.

Rus Nadia Petrova te bezwen 2 manch pou l kale chinwa Zheng Jie 6-2, 6-3 pou l kalifye nan kar de final tounwa tenis Bausch and Lomb la kap dewoule nan Zile Amelia an Florid. Sèb Jelena Jankovic kalifye tou apre li woule ak kout rakèt Ukrenyen Alona Bondarenko 6-2, 6-0. Jankovic pral rankontre nan kar de final la konpatriòt li Ana Ivanovic ki elimine franse Nathalie Dechy 6-1, 6-1. Venkè tounwa a ap resevwa 88 mil 260 dola.

Basketball

Miami Heat kalifye pou faz final NBA a gras ak yon viktwa 94 a 90 li ranpòte an pwolongasyon devan Cleveland Cavaliers ki deja kalifye. Nan Konferans de Lwès la San Antonio Spurs danse sou Phoenix Suns 92 a 85 gras a 35 pwen franse Tony Parker make. Sezon regulye a ap fini nan 2 semen.

Antrenè Univèsite Florida a Billy Donovan ki sot ede Univèsite a ranpòte 2 trofe youn dèyè lòt, fè konnen lap kontinye antrene univèsite a men san garanti li kapab ranpòte yon 3 zièm tit. Rezon an, dapre Donovan 4 pami 5 jwè titulè ekip basketball la ap kite lekòl la pou antre nan tiraj osò NBA a. Juniors Joaokim Noah, Al Horford, Corey Brewer ak Taurean Green yo tout anonse yè Jedi a yap antre nan tiraj osò a apre 3 zan yo pase ap mate balon nan Univèsite a.

XS
SM
MD
LG