Accessibility links

Breaking News

Florida Ranpòte Tounwa Baskètball Univesitè yo


Basketball

Pou yon 2 zièm ane afile Univèsite Florida ranpòte tit Divizyon 1 tounwa basketball Univèsite yo ki rele Mas an foli apre viktwa 84 a 75 yo ranpòte devan Ohio an prezans 51 mil fanatik ki te asiste rankont la nan Jimnaziom Atlanta a. Antrenè Florid la Billy Donovan di ekip la fòme ak yon seri de jwè espesyal: "Se pa yon ekip ki egoyist e ki pare pou sakrifye yo nan jwe ansanm--dapre mwen menm se youn pami meyè ekip basketball mwen janm wè. " Se pou la premyè fwa yon seleksyon Univèsitè ranpòte yon chanpyona nasyonal avèk menm group jwè titilè yo. Florida tounen premye ekip ki ranpòte trofe a youn dèyè lòt depi 1991-1992--ane Duke te ranpòte konpetisyon youn dèyè lòt.

Aswè a Univèsite Tennessee ap rankontre ak Rutgers pou detèmine nouvo chanpyon kategori meda m yo.

Kevin Willis tounen 2 zièm jwè basketball aktif ki pi aje kap jwe Basketball. Willis ki gen 44 tran siyen yon kontra 10 jou ak DAllas Mavericks pou ranplase D J MBenga ki blese.

Football

Doktè yo an Arjantin fè konnen yap kenbe Maradona nan lopital pou 2 semen pou pipiti apre li te tonbe malad akoz li te bwè twòp alkòl, manje ak fimen twòp.

Anpil match o somè semèn sa-a nan okazyon kar de final Lig Champyon-an. Demen ap gen yon klasik ant kote Milan Ac ap akeyi nan San Siro Bayern de Munik ki pap kapab genyen sèvis gadyend vu-la Oliver Khan. Lòt kar de final pou joune-an se ap match sa yo ta kouram-man rankont ousider-yo : PSV Eidoven kont Liverpool . Mèkredi AS Rome ap jwe kont Manchester United ; Tchelsi kont Valans . Match retou-yo fikse pou madi 10 e mèkredi 11 avril.

Yon lòt kote, G-14-la ki reuni 18 klub ki pi puisan sou kontinan ewopeyen-an pote yon demanti yè lendi-a kòmkwa li kòmnse fè diskusyon sou kreasyon yon Super Lig Ewopeyen , yon sòt de fòmul ki ta sanble aktuèl Lig Chanpyon-an

Demen Mèkredi a zyeu brezilyen-yo ap brake sou stad Marakana-a kote brezilyen Romario, 41 nan kap jwe nan Vasco de Gama pral eseye make milyèm bu karyèl. Federasyon brezilyèn-nan dakò pou match sa-a dewoule nan stad istorik marakana a nan okazyon evenman sila-a.

Tennis

Òganizatè koup Federasyon pou zòn Azi/ Oseyani an fè konnen yap garati sekurite patisipan yo malgre yon non-idantifye. Konpetisyon an ap kòmanse 18 Avril ak patisipasyon End, Tailand, Taiwan, Hong Kong, Uzbekistan, Kazakhstan, Kore du Sud, Nouvèl Zeland, Siri, Jordani ak Sengapour.

Blesu ap kenbe jwè tenis Rus Maria Sharapova an deyò sikwi tenis la pou anviwon 6 semen--yon move nouvèl akoz se pou la premyè fwa Sharapova tap reprezante la Rusi nan koup Konfederasyon fas a Espay 21 e 22 Avril.

XS
SM
MD
LG