Pòtpawòl Polis Nasyon Zuni an nan peyi Dayiti ankouraje popilasyon an kontinye siyale lapolis ak MINUSTAH tout eleman li suspèk ki ta mele nan zak kidnaping--- nan yon efò pou wè si 2 fòs sa yo ta kapab kontwole fenomèn anlèvman an ki sanble vle pran yon lòt fòm, dapre korespondan nou Rotchild François jr. kap devlope tèm sa a pou nou lè nou fè yon klik sou ralonj ki anlè entwodiksyon sa a. Men anvan sa, Minustah te kondane zak dap-piyan kap fèt kounye a menm sou ti bebe ak timoun an'n Ayti. Renan Toussaint te kouvri sijè sa a pou Sèvis Kreyòl la.
Antretan, Galilée Perilus di nou nan asiz kriminèl kap dewoule nan vil Senmak, lajistis kondane 6 moun pou patisipasyon yo nan yon seri zak kriminèl. Pawòl Refòm Konstitisyon 1987 la te kontinye fè deba nan kapital ayisyèn jedi 29 mas la, men Rotchild François jr. di nou ansyen konstityan Dr. Georges Michel, lanse yon "pinga" kont tout amandman "prese-prese" manman lwa a e l' eksplike sa l' vle di pa la. Epi premye minis Jacques Edouard-Alexis ak reprezantan Etazuni nan peyi Dayiti a, anbasadè Janet A.Sanderson, inogure yon pon nan rejyon ba Atibonit la--ouvraj ki koute 30 milyon dola.
Nou ka tande tout nouvèl sa yo si nou fè klik sou 2zyèm ralonj ki sou tèt atik sa a.
Pou n' fini, nouvèl ki fè aktualite a ankò an'n Ayiti se nominasyon diplomat trinidadyen, Arthur Grey, kòm nouvo reprezantan sekretè-jeneral Oganizasyon Eta Ameriken an'n Ayiti. Sekretè jeneral adjwen OEA a, Albert R. Ramdin, anonse ofisyèlman nominasyon diplomat Trinidadyen an vandredi 30 mas 2007 la. Msye Grey se yon ansyen fonksyonè kominote Karayib la, CARICOM, e l' dwe antre an fonksyon le 1er Avril. Albert Ramdin kap prezide yon komisyon travay OEA an'n Ayiti, fè konnen eksperyans Grey nan CARICOM se yon gwo kapital ki pral ranfòse konesans li nan sistèm intèameriken an. Msye Ramdin deklare “eksperyans-li kom jesyonè, konduit li ak fason li byen konprann defi Ayiti ap konfronte yo, pral bay OEA opotunite pou l' kontinye founi peyi a ak pep Ayisyen an pi bon sevis. Numero 2 OEA te profite mete aksan tou sou eksperyans Msye Grey nan Komisyon Ekonomik Nasyon Zuni pou Amerik Latin ak Karayib (ECLAC). Arthur Grey tap travay kòm konsultan CARICOM ak Oganizasyon Eta Karayib Anglofòn nan (OECS) avan li te okupe fonksyon konseye ekonomik ECLAC nan Trinidad ak Tobago. Li se direktè politik etranjè ak relasyon ekonomik ekstèn nan sekretarya CARICOM.