Accessibility links

Breaking News

KONKAKAF Anonse Chanjman nan Chanpyona Anuèl la


Football

Komite Ekzekutif KONKAKAF la aprouve yon mezu pou l mete sou pye yon fòma lig chanpyon an 2009 olye yon koup dè chanpyon ak vis chanpyon ki an vigè kounye a. Komite a ki reyuni nan Kuraso, te adopte menm mezu sa a an 2002 men te abadone lide a avan menm li te antre an aplikasyon. Pa gen detay sou nouvo fòma a.

Kanada anonse yon match amikal kont Kosta Rika nan Toronto le 12 Septanb Dènye fwa Kanadyen yo te jwe nan Toronto se te an lan 2000. Seleksyon te abandone vil la apre responsab yo te demoli stad la. Stad la te rekonstrui apre lig football balon ameriken an te ajoute Toronto Football Klub nan chanpyona premyè divizyon Etazuni an.

Ansyen jwè football feminen ameriken Mia Hamm ak mari l jwè baseball Garciaparra pral okipe anpil apre Mia Hamm fè yon pòte marasa

Prezidan Unyon Football Eropeyen an franse Michel Platini voye yon lèt tou louvri bay 53 manb òganizasyon football kontinan an pou l mande aplikasyon yon politik tolerans zero kont vyolans ak rasim ki afekte football sou kontinan an. Platini fè responsab yo konnen li mande komite disiplinè a pou l ranfòse e aplike règleman san gad dèyè.

Palman Eropeyen an aprouve yon pwopozisyon palmantè Bèlj yo prepare pou ankouraje patisipasyon jwè lokal yo nan chanpyona domestik yo. Nouvo règleman an kapab monte yon maswife apre lejislasyon Bosman ki te adopte an 1995 e ki pèmèt dwa pou sitwayen yo travay nan 27 peyi komunote a. Nouvo règleman an si l pa rankontre difikilte mande klub yo pou gen 25 jwè pami 2 pou pipiti ki soti nan akademi klub la. 2 lòt jwè kapab soti nan lòt klub peyi a sou fòm transfè. Federasyon Football Eropeyen an yo dwe aprouve pwojè lwa a.

Seleksyon nasyonal football ameriken an fè match nul 0 a 0 ak Gwatemala nan Frisco Tekzas. Nan menm stad sa a Ayiti tonbe fas ak seleksyon Juniò ameriken an 2 a 1. Freddy Adu ak Gabriel Ferrari make gòl ameriken yo pandan ke Eliphène Cadet make gòl pou seleksyon nasyonal ayisyen an kap prepare pou koup dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazuni. Ayiti gen pou rankontre ak Chili nan Pòtoprens 16 Me toujou nan kad preparatif seleksyon an.

Maradona entène lopital akoz li fimen, manje ak bwè tròp alkòl.

Balon te woule sou kontinan Eropeyen an yè Mèkredi a kote Itali ak Angletè ranpòte la viktwa epi konsève chans yo pou faz final la. Italyen yo kale Ekòs 2 a 0 nan Bari epi Angletè kale Andor nan Barselòn an Espay. Irland du Nord kontinye ap domine group F la apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan la Swèd. Espay kale Island 1 a 0 pou fèmen pou bouch kritik yo. Nan group A a la Polòy ki ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Armeni pran elan apre fo pa Findland devan Azerbaijan epi nul 1 a 1 Portugal fè ak Sèbi.

Nan group C a La Turki pran elan apre match nul 2 a 2 li fè ak la Norvèj. La Grès, ki se chanpyon sòtan an, ranpòte yon viktwa tou mens devan Malte 1 a 0. La Oland pa gen kè sote nan group G a ke yap domine apre viktwa 1 a 0 devan Sloveni. Woumani klase 2 zièm nan group la apre yo wonfle Luksanbour 3 a 0 apre Bulgari fè match nul 0 a 0 ak Albani. Situasyon an konplike nan group B a kote Ekòs, Ukrèn ak la Frans gen 12 pwen yo chak. Group D a poko klè tou Almay, Republik Tchèk ak Irland du Nò gen 13 pwen yo chak. Group E a Izrayèl, Angletè ak la Rusi ap goumen pou 2 zièm plas la ak 11 pwen yo genyen dèyè Kwasi.

An match amikal entènasyonal Venezuela kap akeyi Kopa Amerika a pilon-nen Nouvèl Zeland 5 a 0, Meksik danse sou Ekwatè 4 a 2, Bolivi ranpòte yon viktwa tou mens devan Afrik du Sud 1 a 0, Danmak kale Almay 1 a 0, la Frans kale Otrich 1 a 0, Kolonbi woule Paragwe 2 a 0, Kosta Rika fè match nul 1 a 1 ak Chili.

Yon responsab Unyon Football Eropeyen an fè konnen yap prepare yon pwopozisyon kap pèmèt chanpyon lig nasyonal yo kalifye pou chanpyona Lig dè chanpyon Eropeyen an. Fòma aktyèl la klub venkè koup yo kalifye pou koup UEFA a pwochen sezon an. Dapre pwopozisyon prezidan Unyon Football Eropeyen an Michel Platini te fè pandan kanpay la se yon nouvo sistèm eliminatwa dirèk pou pèmèt redui kantite klub gwo chanpyona yo epi ogmante chans pou lig ki pa gen gwo mwayen finansye yo opòtunite pou prezan nan Lig dè chanpyon an. Itali, Angletè, Espay ak Itali, ki konsidere lig rich yo, gen 4 klub ki patisipe nan Lig dè chanpyon Eropeyen an.

Antrenè Bulgari a Hristo Stoichkov jwen supò federasyon football peyi a malgre publik la mande revokasyonn apre match nul 0 a 0 Bulgari fè ak Albani nan kad match kalifikatif Ero 2008 la. Stoichkov te resevwa anpil kritik apre peyi a pat kalifye pou faz final koup du mond football ki sot dewoule an Almay.

Responsab yo nan Bayern de Munik retire demand an apèl yo te fè kont suspansyon gadyen Oliver Kahn pou kar de final Lig dè chanpyon an kont Milan AC. Responsab di rezon an se pou pèmèt jwè yo konsantre sou pwochen rankont klub la gen pou jwe kont Shalke 04 Samdi nan chanpyona Alman an ak rankont Lig dè chanpyon kont Milan AC nan kar de final la Madi pwochen.

Tennis

Ameriken Serena Williams kalifye pou semi final tounwa tenis Miami apre li elimine Tchèk Nicole Vaidisova 6-1, 6-4 pou l al rankontre ak Izrayelyèn Shahar Peer ki woule Italyèn Tathiana Garbin ak kout rakèt 6-0, 6-3. Bo` kote mesye yo Britanik Andy Murray kalifye pou semi final la apre ameriken Andy Roddick abandone tounwa a akoz yon blesu nan pye. Murray pral rankontre ak Sèb Novak Djokovic ki elimine espayòl Rafael Nadal 6-3, 6-4.

Basketball

Dallas Mavericks ranpòte 60 tièm viktwa yo nan NBA apre viktwa tou mens 105 a 103 yo ranpòte devan Milwaukee Bucks. New Jersey Nets woule Indiana Pacers 118 a 94. Washington Wizards ranpòte yon viktwa 111 a 108 devan Philadelphia 76ers gras ak yon 3 pwen Buttler make depi nan tèt kare a yon sekond avan fen tan reglemantè a pou evite ekip yo pa ale an pwolongasyon.

Responsab yo nan NBA a anonse plan pou jwe yon match ekzibisyon ane sa a pou yon 2 zièm fwa an Chin lè Cleveland Cavaliers ap rankontre Orlando Majik nan Shangai ak Macau. Match yo fikse pou 17 e 20 Oktòb. Anviwon 20 mil boutik ap vann ekipman NBA an Chin ak yon total 347 milyon fanatik ki asiste rankont yo nan televizyon.

Natasyon

Najè ameriken Michael Phelps bat pwòp rekò nan kous natasyon 200 mèt konpetisyon mondyal natasyon an kap dewoule nan Melbourne an Ostrali.

XS
SM
MD
LG