Prezidan ayisyen an Rene Preval fè konnen pwoblèm dròg la pa kapab rezoud si efò pa fèt pou sa nan peyi konsomatè yo. Korespondan nou Rotchild Francois Junior gen detay yo.
Lapolis nan Sidès peyi d Ayiti arete 2 moun sou akizasyon dèske yo se bandi fòs de lòd yo ap chache nan Pòtoprens. Korespondan nou nan Jakmèl, Jean Martinez, ap di nou plis.
Yon responsab ayisyen mande otorite konsène yo mete plis mwayen aladispozisyon jij yo pou yo aplike lalwa kont moun ki mele nan zak anlèvman. Renan Toussaint ap pote detay.
******
Otorite ayisyen yo kòmanse enstale manm gouvènman lokal ki te eli nan eleksyon 3 Desanm 2006 yo. Yvan Martin Jasmin ap di nou plis depi vil Okap.
******
Daprè yon nòt pou laprès ki sòti nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), sekretè-jeneral òganizasyon rejyonal la, José Miguel Insulza, deklare yè mèkredi a, kesyon pou konnen èske lap posib pou evolisyon pozitif moun konstate nan sitiyasyon jeneral la ann Ayiti, kontinye, se yon kesyon k’ap depann, pami kèk lòt faktè --nap site : “De chans ki genyen pou yo kreye travay nan peyi a.” Pandan misye Insulza t’ap pale nan yon rankont anbasadè peyi manm OEA yo ak delege ki se obsèvatè nan Konsèy Pèmanan òganizasyon an, li di: Jounen jodiya, l’OEA genyen plui espwa ke jamè oparanvan, nan moman lajan kòmanse debouse pou ede satisfè bezwen pi ijan Aysiyen yo genyen.
Sekretè-jeneral la atire atansyon sou le fèt ke l’OEA pral kowòdone yon fowòm sou komès ak envestisman ki gen pou dewoule ann Ayiti nan kòmansman mwa Me pwochen an. Objektif fowòm sa a se kore efò k’ap fèt pou atire envestisman nan domèn touristik la ak kèk lòt sektè, epi ofri plis opòtinite pou Ayisyen yo. Msye Insulza pale tou de pwoblèm ki kontinye poze nan dosye Ayiti a, pwoblèm tankou lantè ki genyen nan reyalizasyon pwojè peyi a, gwo lajan sa koute pou fè eleksyon ann Ayiti, epi kè-sote moun genyen pou klima sekirite a nan peyi a.
******
Gwoup dwazimen Amnesty International fè konnen imigran ayisyen ki nan Repiblik Dominikèn ap fè fas ak diskriminasyon rasyal e otorite yo pa pèmèt yo jwi dwa tout kretyen-vivan fèt pou yo jwi. Amnesty International pibliye rezilta yon etid yè mèkredi a kote li di Ayisyen ki kite peyi yo akòz povrete twouve yo anba nèt, sou echèl sosyal la nan Repiblik Dominikèn. Òganizasyon an rapòte ke gouvènman dominiken an depòte, san rezon, chak ane, jiska 30-mil ayisyen e menm gen sitwayen Dominiken yo pimpe Ayiti, paske yo sanble ak Ayisyen.
Si w vle koute repòtaj sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.