Accessibility links

Breaking News

Footbalè Ameriken Cobi Jones Anonse Retrèt li


Football

Veteran football ameriken Cobi Jones anonse lap pran retrèt li nan fen sezon an apre 12 zan karyè nan MLS la. Jones jwe 164 rankont pou seleksyon ameriken an epi patisipe nan 3 koup du mond.

Responsab Kore du Sud yo anonse seleksyon nasyonal football kadè Nò Koreyen an rive nan yon zile kote yo pral kòmanse antrene pandan yon mwa. Seleksyon Kore du Nò a rive nan Kore du Sud apre li sot patisipe nan yon kan dantrenman an altitud pou l prepare pou koup du mond la kap dewoule nan Sewoul an Out pwochen. Koreyen yo gen pou jwe yon rankont kont yon ekip jèn Sud Koreyen.

25 mil fanatik te asiste match de charite pwogram Nasyonzuni lut kont la povrete ak patisipasyon franse Zinedine Zidane ak Brezilyen Ronaldo. Zidane e konpayi kale Ronaldo e konpayi 5 a 2. Òganizatè yo ranmase plis pase 500 mil dola pou koz la. Manchester United kale Tottenham 2 a 1 pou l kalifye pou semi final koup dAngletè a pandan ke Chelsea ranpòte yon viktwa tou mens devan Middlesbrough 1 a 0. Nan demi final la Chelsea pral lakay Blackburn epi Manchester United kont Wartford.

Medya chinwa yo rapòte yon group fanatik atake machin ki tap transpòte antrenè seleksyon football chinwa a. Antrenè Zhu Guanghu anba gwo kritik apre seleksyon an elimine nan koup du mond la epi kontinye ap degrengole nan klasman jeneral FIFA a.

Footballè Brezilyen Romario ap pare pou l selebre milyèm gòl lap make nan karyè l semen sa a ak Vasco de Gama. Romario, ki te ede Brezil ranpòte koup du mond FIFA-Etazuni an 1994, deja make 998 gòl. Kounye gen posibilite pou l egalize kantite gòl footbalè lejandè brezilyen Pele te make e menm depase chif sa a.

Antrenè seleksyon Rus la Guus Hiddink konvoke mitan teren an Sen Pittersburg la Konstantin Zyryanov ak gadyen Torpedo de Moskou a Dmitry Borodin nan kad match kalifikatif Ero 2008 la kont Letoni.

Antrenè Albani an Otto Baric fè konnen lap rate match kalifikatif Ero 2008 la kont Sloveni pou rezon santé. Albani an 6 zièm pozisyon ak yon pwen nan group G a apre 3 rankont.

Brezilyen Ronaldo fè konnen li toujou santi konsekans desizyon antrenè Fabio Capello pou boukante l ak Milan AC. Ronaldo ki tap reponn kesyon yon chèn televizyon espayòl di li ta renmen Real Madrid ranpòte chanpyona a pou ansyen konpayèl yo men pa pou antrenè a ke li kwè pa merite yon onè konsa.

Basketball

Atlanta Hawks, kap monte yon maswife nan NBA a-krabinen Sakramento Kings 99 a 76. New Orleans Hornets danse sou Boston Celtics 106 a 88 pou mete l a yon ranont edmi dèyè Golden State Warriors nan Konferans de Lwès la.

Natation

Najè Rus Larisa Ilchenko ranpòte yon lòt meday dò nan chanpyona mondyal natasyon kap dewoule nan Melbourne an Ostrali.

XS
SM
MD
LG