Accessibility links

Breaking News

Tounwa Basketball Univesitè yo ap Demare Jodi a


Basketball

Se jodi a tounwa basketball Univèsitè yo ki rele Mas an foli ap demare ak patisipasyon 64 ekip. Univèsite Maryland ap rankontre Davidson pami 16 rankont kap jwe nan 4 rejyon--Midwès, West--Es ak Sud.

Amare Stoudemire make 41 pwen epi Steve Nash ajoute 32 pwen pou pèmèt Phoenix Suns ranpòte yon viktwa de justès devan Dallas Mavericks an 2 pwolongasyon. Defèt ki mete fen nan 23 viktwa afile Mavericks yo sot ranpòte. Washington Wizards danse sou Indiana Pacers 112 a 96. Pacers yo subi 11 zièm defèt afile yo. Lebron James make 29 pwen nan viktwa 118 a 96 Cleveland Cavaliers ranpòte devan Memphis Grizzlies. Chikago Bulls ranpòte yon viktwa de justès devan Philadelphia 76ers 88 a 87 New York Knicks tonbe devan Toronto Raptors 104 a 94. Orlando Majik pilon-nen Utah Jazz 101 a 90. Charlotte Bobcats ranpòte yon viktwa 111 a 108 gras a 3 pwen Sean May make 16 sekond avan fen tan reglemantè a. Boston Celtics danse sou Atlanta Hawks 109 a 88. Houston Rockets te fè anpil efò avan li kale Los Anjeles Clippers 109 a 105. Portland Trail Blazers fè bèk atè devan Detroit Pistons 87 a 75.

Milwaukee Bucks revoke antrenè Terry Stotts nan akoz difikilte ekip la genyen pou l kalifye pou faz final la ak 23 viktwa 41 defèt.

OLYMPIC 2012/ LONDON

Budjè Jezolenpik Lond 2012 la ap koute 18 milya dola dapre chif otorite britanik yo publiye jodi a.

Football

Antrenè Afrik du Sud la Brezilyen non-men yon jwè diskalifye nan seleksyon ki pral jwe match kalifikatif Koup Afriken an. Bradley Carnell, kap jwe nan Karlsruhe, te resevwa katon pandan 2 dènye rankont Afrik du Sud e li diskalifye pou match Samdi a aloske nonn fè pati seleksyon ki pral rankontre Chad nan Djamena. Aksyon sa a vinn ajoute sou tout yon seri de lòt ensidan ki afekte football Afrik du Sud la kap pare pou òganize koup du mond la an 2010. Otorite yo te menase pou arete antrenè Parreira akoz li pat gen pèmi travay--sa pa gen lontan konpayi elektrik peyi a te koup kouran federasyon an akoz li pat peye.

Prezidan Unyon Eròp la Michel Platini kwè Koup du mond football 2018 la ta dwe dewoule sou kontinan Eropeyen an e lap kore kandidatu Angletè pou l òganize konpetisyon an. Etazuni gen plan poze kandidatu l tou. Prezidan FIFA a Sepp Blatter di dapre nouvo sistèm rotasyon yo te adopte sa gen 7 tan, koup du mond la ta dwe dewoule nan KONKAKAF la an 2018.

Yon jounal espayòl publiye Potugè Christiano Ronaldo kap jwe nan Manchester United, ap transfere nan Real Madrid nan fen sezon an. pawòl sa a kontrè ak deklarasyon antrenè Real Madrid la Sir Alex Fergusson te fè semen pase a kote li di klub la ap negosye pou l pwolonje kontra Pòtugè a. DApre règleman UEFA a Real Madrid pa kapab anonse nouvèl la akoz Ronaldo toujou an kontra ak Manchester United.

Nijerya ak Gana kalifye pou faz final koup du mond Kadè a kap dewoule nan Kore du Sud.

Yon pann kouran elektrik ranvwaye pou jodi a semi final ale Chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon ki te dwe jwe ant Pachuca ak Houston Dinamo. Jodi a isit Washington D-C United ap akeyi Chivas de Gwadalaraja.

Klub football Alman Bayer Leverkussen ak Werder de Brem kalifye pou kar de final Koup UEFA a. Bayer Leverkussen kalifye apre viktwa 3 a 0 li ranpòte devan klub franse Lens-pandan ke Werder de Brem woule klub espayòl Celta Vigo 2 a 0 pou l kontinye nan chanpyona a.. Lòt kalifye se klub espayòl Osasuna ki kale Glasgow Rangers 1 a 0. Klub Angle Tottenham Hotspurs kalifye tou devan klub Portugè Braga.

Jodi a klub espayòl Seville ap rankontre ak klub Ukrenyen Shaktar Donetsk. Klub Olandè AZ Alkmaar bezwen 2 gòl diferans lè lap rankontre ak Newcastle ki te ranpòte match ale a 4 a 2. Paris Sen Jermen pral e nan Portugal kote li pral rankontre ak Benfika. Parizyen yo te ranpòte match ale a 2 a 1. Espayòl ap rankontre ak Maccabi Haifa-2 ekip te fè match nul 0 a 0 nan match ale a.

Seleksyon feminen ameriken an kale Danmak 2 a 0 pou l ranpòte koup Algarve la pou la 5 kièm fwa. La Swèd kale la Frans 3 a 1 pou l konsole l ak 3 zièm plas la. Tounwa a ki te reyuni 12 peyi, konsidere kòm tounwa chofe jarèt pou koup du mond football feminen ki gen pou dewoule an Chin an Septanb ane sa a.

Tennis

Britanik Andy Murray te bezwen 2 manch pou l elimine Rus Nikolay Davydenko 7-6, 6-4 pou l kalifye nan kar de final Indian Wells la kap dewoule nan Kalifòni. Murray pral rankontre ak alman Tommy Haas ki pral rankontre difikilte pou l wouze ak kout rakèt chilyen Fernando Gonzalez 6-3, 6-2.

Siklisme / Dopaj

Komisè gouvènman espayòl la lanse apèl kont desizyon yon juj pran pou l rejte aksyon an justis ki tap men-nen kont 60 siklis entènasyonal. Otorite yo te men-nen yon operasyon yo rele Operasyon Puerto. Dosye a retounen devan juj Antonio Serrano ki kapab deside rekonsidere l ou byen rejte l. Si l rejte dosye a prale devan yon pi gwo enstans ki kapab deside pou kontinye ak dosye a ou byen kore desizyon juj la. Juje Serrano te rejte dosye a akoz li di nouvo lwa anti dopaj espayòl la pat an vigè lè ensidan a te rive.

XS
SM
MD
LG