Accessibility links

Breaking News

Prezidan Hugo Chavez Fè Premye Vizit li nan Pòtoprens


Prezidan Venezuela a, Hugo Chavez vizite Ayiti jodi a, nan kad yon toune lap reyalize nan Amerik Latin-nan. Anvan Ayiti msye Chavez te nan Nikaragua ak Jamayik. Lidè Venezyelyen an sèvi ak okazyon an pou li kritike Prezidan Bush ki nan rejyon an tou. Li akize lidè Mezon Blanch la deske li eseye touye sa li rele flanm revolisyon an nan Amerik Latin nan.

Msye Chavez te rive jodia nan Jamayik e yè swa byen ta li te nan Managua kote li rankontre tokay Nikaragueyen n ak alye li Daniel Ortega.

Korespondan nou Clarens Renois te kouvri arive Hugo Chavez pou Lavwadlamerik. Li t'ap reponn kesyon Jacques Jn-Baptiste. Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG