Accessibility links

Breaking News

No. 2 MINUSTAH a Mande Plis Asistans Entènasyonal Pou Ayiti


Yon gwo responsab Nasyonzini ann Ayiti fè konnen gouvenman ayisyen an bezwen bon jan apui Kominote entènasyonal la pou ede l' amelyore sitiyasyon imanitè a lakay li.

Joel Boutroue, ki se Reprezantan Spesyal-Adjwen Sekretè-Jeneral Ban Ki Moon nan Pòtoprens, lanse yon apèl tou anfavè asistans pou aksyon ki deja lanse pou fè refòm nan lapolis e nan sistèm jistis la.

Nan yon ti koze Msye Boutroue fè ak Chérubin Dorcil, li chante lwanj efò twoup L'ONU yo ap fè pou wetire Ayiti anba vyolans gang ak trafikan dwòg yo. Li rekonèt anpil chèf gang rive chape poul yo nan Site Solèy ak gwo zam nan men yo, sepandan li bay garanti ke MINUSTAH pral kontinye opere pou mentni yon klima lapè ak sekirite nan katye ki libere yo.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute interview a.

XS
SM
MD
LG