Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Yon Senatè Kritike Gouvènman an Poutèt Absans Yon Nouvo Fòs Sekirite


Nan kad deba pwoblèm ensekurite a okazione nan peyi dAyiti, prezidan Komisyon Jistis ak Sekirite nan Sena ayisyen an, senatè Youri Latortue pwononse l sou pozisyon responsab ayisyen yo fas a sitiyasyon an.

Senatè Latortue lanse kritik kont otorite ayisyen yo poutèt yo poko fè anyen nan kad keryasyon yon nouvo fòs sekirite piblik ann Ayiti.

Li di Ayiti pa dwe konte sou fòs entènasyonal pou kontinye asire sekirite l.

Depi vil Pòtoprens, Rotchild Francois pou plis detay.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj sou aktyalite a ann Ayiti pou madi 27 fevriye 2007 la.

XS
SM
MD
LG