Accessibility links

Breaking News

Michel Platini kite Federasyon Football Franse a


Football

Michel Platini , prezidan UEFA-a depi 26 janvye dènye , fè adye-l jodi vandredi-a nan Konsèy Federal Federasyon Foutbòl Fransè-a kote-l tap ranpli foknsyon vis-prezidan. Prezidan Federasyon-an Jn Pierre Escalettes salue depar sa-a ke-l konmsidere tankoui yon moman historik . Yon Lòt kote, Jn Pierre Escalettes anonse yè jedi-a volonte La Frans pou-l òganize Mondyal Feminen 2011 la. Fransè-yo gen jisko premye mas pou yo depoze dosye kandidatu-yo. Kadidatur definitiv-la se pou premye me.

Klub football FC Seville franchi yon pa pou l konsève tit UEFA a apre viktwa 2 a 0 li ranpòte devan Steaua de Boucharest nan match ale faz dechoukaj la. Celta Vigo fè match nul 1 a 1 ak Spartak de Moskou. Klub Angle Newcastle gen anpil chans pou l kalifye pou kar de fina apre swif 3 a 1 li pase klub bèlj Zulte-Waregem.

Yon jounal espayòl site yon sous enfòme bò kote Barselòn et fè konnen li posib antrenè Frank Rijkaard kite klub la nan fen sezon an.

Minis enteryè ajanten-an Anibal Fernandez anonse jodi vandredi-a suspansyon monumantal stad River Plate-la pou 5 match akoz vyolans nan mitan klub-la . Dimanch 2 gwoup rival goumen nan stad-la kote plizyè moun te blese.

Pa gen twòp suspens pou Ronaldo kap gen pou jwe 2e match-li pou Milan AC. Antrenè-a Carlo ancelloti anonse Ronaldo ap tutulèr demen samdi kont Syǹ nan okazyon 24e jounen Calcio-a.

Gen moun ki di se la vi...Konnye-a Fabio Capello antrenè Real Madrid-la ki pat vle utilize Beckham , se jounen jodi-a kap mande

Basketball

Asosyasyon Nasyonal Basketball ameriken an entèdi ansyen basketè ameriken Tim Hardaway pou l pa prezan nan rankont tout vedèt Dimanch nan Las Vegas apre kòmantè li fè konnen li rayi moun ki nan 2 sèks . Hardaway te deklare nan yon emiksyon radyo ke li pa vle tande pale de moun sa-yo.

Hardaway ki te gen pou l fè yon seri de prezantasyon publik pou NBA a, prezante ekskuz pou deklarasyon sa-yo. Anpil reaksyon defavorab apre deklarasyon sa-yo tankou ansye basketè Charles Barkley di msye se yonm bon nèg men se pi gwo sotiz li tande nan bouch-li. Reggi Muller di msye genyen yon pwoblèm edukasyion e li bezwen terapi.

Tennis

Kay medam-yo pou tounwa Anvers nan Bèljik : fransèz Amelie Mauresmo kalifye pou semi-final apre viktwa an 2 sèt 6-3, 6-1 sou rus Dinara Safina. Nan semi final sa-a lap rankontre ak Anna Chakvetadze ki li-menm elimine konpatriyòt-li Nadia Petrova an 2 sèt : 6-3, 6-4.

XS
SM
MD
LG