Football
Pou la premyè fwa depi 1993 Brezil pa figure nan tèt klasman jeneral FIFA a akoz yon seri de defèt brezilyen yo subi an match amikal entènasyonal.. Nouvo lidè a se chanpyon du mond an tit la Itali, Brezil, Arjantin ak la Frans. Almay, Angletè, La Oland, Portugal, ak Lespay figure pami 10 premye peyi yo.
Nan KONKAKAF la Meksik klase 19 vièm malgre defèt 2 a 0 yo sot subi devan Etazuni klase 28 tièm. Nan Karayib la Kuba klase 51 nièm, Jamayik klase 56 zièm, an 68 tièm pozisyon nou jwen Trinidad and Tobago epi Ayiti klase 92 zièm ak 354 pwen.
Responsab yo nan KONKAKAF anonse faz final eliminatwa koup du mond Kadè pou zòn KONKAKAF la kap dewoule nan Teguicigalpa Honduras soti 4 pou rive 8 Avril ak patisipasyon Salvador, Ayiti , ak Meksik. 4 Avril Salvador ap rankontre Meksik epi Onduras kont Ayiti. 6 Avril Meksik kont Ayiti epi Honduras kotn Salvador. 8 Avril Ayiti kont Salvador epi Honduras kont Meksik.
Group B a kap jwe nan Kingston Jamayik ap antre nan won 28 avril ak patisipasyon Trinidad and Tobago, Jamayik, Kanada ak Etazuni ak Kosta Rika. 28 Avril Kosta Rika kont Trinidad and Tobago nan menm jounen an Jamayik kont Kanada. 30 Avril Kanada Kosta Rika epi Trinidad and Tobago kont Etazuni. 2 Me Etazuni kont Kanada, Jamayik kont Kosta Rika. 4 Me Kanada kont Trinidad and Tobago epi Jamayik kont Etazuni. Etazuni kont Kosta Rika epi Jamayik kont Trinidad and Tobago 2 premye nan group A epi 3 meyè nan group B a ap kalifye pou faz final la kap dewoule an Kore du Sud an 2007.
Federasyon Football ameriken an anonse yè Mèkredi a Etazuni ap jwe premye rankont Kopa Amerika a kont Arjantin nan premye tou tounwa an ki reyuni 12 peyi O Venezuela 28 Me. Meisik ki se yon lòt envite espesyal menm jan ak Etazuni ap rankontre ak Brezil le 27 Jwen aloske Venezuela kap òganize konpetisyon an ap rankontre ak Bolivi le 26 Jwen. Tiraj osò ap kontinye jodi Mèkredi 14 Fevriye a .
Responsab Meksiken yo anonse entansyon yo pou òganize Kopa Amerika a an 2008 swa yon lane avan yon kalandriye spòtif chaje. An 2009 ap gen Koup FIFA a, Koup dò KONKAKAF la epi eliminatwa koup du mond pou Amerik du Sud la. Meksiken yo dwe fè fas a Arjantin ki deja manifeste entansyonn pou l akeyi konpetisyon an an 2008. Responsab Meksiken yo di si yo rate op̀otunite a yap aplike pou 2011.
Reprezantan Football Amerik du Sud la ap pwofite de prezans yo O Venezuela nan okazasyon tiraj osò group Kopa Amerika a pou fiske yon kalandriye tiraj osò eliminatwa koup du mond FIFA a kap dewoule an Afrik du Sud. Responsab yo di premye rankont yo dwe kòmanse an Septanb.
Responsab yo ap pwofite de okazyon an pou match kopa Libertadores de Amerika a.An Itali otorite spòtif yo fèmen stad Katane nan jusko 30 Jwen-pratikman pou tout sezon an- Stad sa a kote yon polisye te mouri 2 Fevriye pase gen pou l peye yon amand 50 mil Euro. Stad la ap relouvri pòt li yon fwa li satisfè kondisyon sekurite yo.
Chanpyon an tit lig football angle a Chelsea anonse lap òganize yon toune an Chin an 2008 kote li gen plan jwe kèk rankont. Responsab yo anonse yap pwofite de toune a pou devlope spò an Chin. Seleksyon chinwa a kap prepare pou Je zolempik Peken 2008 yo sot pase 2 semen dantrenman lakay Chelsea.
Basketball
Dwayne Wade make 35 pwen pou ede Miami Heat danse sou Portland Trail Blazers 104 a 85. Viktwa ki mete Miami ak rezulta 26 viktwa 26 defèt. Amelyorasyon sa a fèt apre retou Shaquille O Neal ki rate 35 rankont. Antrenè a Pat Riley ap retounen tou apre li sot subi 2 operasyon. Lòt venkè yè swa se San Antonio Spurs ki wouze New Jersey Nets 107 a 82. Memphis Grizzlies te fè anpil efò avan li kale New Orleans Hornets 108 a 104. Milwaukee Bucks tonbe devan Dallas Mavericks 99 a 93. Toronto Raptors suprann Chikago Bulls ak yon viktwa 112 a 111. Hoston Rockets te fè anpil efò pou l kale Sakramento Kings 109 a 104. New York Knicks ranpöte yon viktwa de justès devan Anjeles Lakers 107 a 106.