Accessibility links

Breaking News

Otorite Italyen yo Fèmen 25 stad Football pou Rezon Sekurite


Football

Responsab ak fanatik Italyen yo ap pare pou afwonte weekend nan ak yon seri de rankont kap jwe ak tout pòt fèmen akoz 25 stad sou yon total 31 pa satisfè kondisyon sekurite yo. Fanatik Wom, Turen, Syèn, Cagliari, Palerme ak Jèn pa gen pwoblèm pou asiste rankont yo. Ki donk , demen Ronaldo ak jwe premye match-li pou Milan AC ak tout pòt fèmen. Gouvènman an di li pap fè bak sou desizyon-yo malgre dirijan ak jwè mande yo pou pèmèt abòne-yo asiste rankont yo. Sendika jwè yo di pou kounye a yo pa anvizaje lanse yon mo dòd grèv.

Michel Plantini , nouvo prezidan UEFA soutni desizyon ke yon abit gen dwa rete yon match a nenpòt moman si li santi li-menm ak jwè-yo an danje. Yon lòt kote UEFA-a gen pou deside semèn pwochèn kiyès nan stad-yo yap utilize pou konpetisyon ewopeyèn-yo. Platini te gen pou-l te rankontre jodi-a ak responsab italyen-yo.

Ann Espay, antrenè madrlèn-nan, italyen Fabio Capello reziye-l finalman mete David Beckahm-nan , mitan teren britanik-la , nan lis jwè ki pou jwe demen samdi kont Real Sosyedad. Entènasyonal anglè-a pa jwe pou Real depi 7 janvye apre anons ke li siyen yon kontra ak Los Angeles galaxi , yon klub ameriken. Sa ki etone tout moun se deklarasyon kote Capello di : “ Beckham se yon gran pwofesyonèl e nou vle konte sou li jus nan fen sezon-an. Teknisyen-an dakò li te twonpe-l. E ta sanble Capello tap pran presyon ni nan men jwè-yo ni nan men direksyon klub-la.

Tennis

7 pami 10 meyè jwè tenis mondyal maskulen ap sou teren weekend sa a nan okazyon premye tou koup Davis la eksepte Swis Roger Federer ki pap patisipe nan rankont la Swis gen pou jwe kont Espay kap gen sèvis Rafael Nadal. Chili kont la Rusi, la Frans kont Woumani, Almay kont Kwasi, Bèljik kont Ostrali, Belarus kont la Swèd, Ostrich kont Arjantin, Republik Tchèk kont Etazuni. Seri 5 match la ap kòmanse jodi a pou fini Dimanch.

Olympic

Li sanble Komite Olenpik Dhivè 2006 nan vil Turen ap fè defisi pandan ke lòt je zolempik te fè pwofi. Responsab yo estime difisi a kapab rive anviwon 32 milyon dola. Rezulta final la ap publiye nan fen mwa Mas la.

Basketball

Kèk rankont nan NBA a Los Anjeles Lakers tonbe devan Detroit Pistons 93 a 78. New Orleans Hornets te bezwen 2 pwolongasyon pou l kale Milwaukee 109 a 101 epi Sakramento Kings pilon-nen Chikago Bulls 86 a 77.

XS
SM
MD
LG