Accessibility links

Breaking News

300 Mil Volontè pou Sèlman 100 mil Pòs nan Je Peken 2008 yo


Olympic

Òganizatè Je zolenpik Peken 2008 yo resevwa plis pase 3 mil demand volontè ki ta renmen ede pandan dewoulman je yo. Ajans nouvèl leta a di gen plis demand ke pozisyon disponib swa yon total 70 mil pou je yo epi yon lòt 30 mil volontè pou je paralenpik yo

Basketball

Nan NBA-a yè swa : Caron Butler make 38 pwen pou ede Washington Wizards remonte yon defisi epi kale Seattle Supersonics 118 a 108 Viktwa Phoenix Suns sou Denver Nuggets 113 a 108 malgre Carmelo Anthony make 31 pwen. Golden State Warriors danse sou Indiana Pacers 113 a 98. Lòt venkè rankont yè Lendi a Miami Heat, Philadelphia 76ers, Los Anjeles Lakers, Houston Rockets, Utah Jazz ak Sakramento Kings.

Football

Apre lanmò yon ofisye polis vandredi dènye pandan match Catane ak Palerme-nan , gen yon gwo deba ki ouvè ann Itali sou zafè vyolans. Yè te gen yon gwo reunyon ki te dewoule nan vil Wòm kote responsab-yo deside ke tout stad ki pa reponn ak egzijans legal-yo ap resevwa match a hui klo, sa vle di ak tout pòt fèmen --- sa ki debouche sou yon konfli ant gouvènman ki kanpe fèm ak klub-yo ki wè defisi yo pral fè . Minis enteryè Giuliano Amato presize ke sekurite fanmiy irtalyèn-yo pase anvan yon kesyon lajan. Vandredi apre ensidan-an, responsab-yo te kanpe tout konpetisyon foutbòl. Demen mèkredi-a gouvènman Romano Prodi-a pral bay dizon-l ofisyèlman sou lòt desizyon pou lute kont vyolans nan jwèt boul-la. Dènye nouvèl-yo fè konnen Calcio-a ap rekömanse nan wikenn-nan avèk 2 mach a 8-clos ; Atalanta Bergame kont Lazio de Wòm ; Chievo Vewòn kont Inter de Milan. E gen diskusyon kap fèt pou match tankou Florientina / Oudinese ; Livourne Milan AC .

Malgre move rezulta Real Madrid-yo, responsab madrlèn-yo konfime yè Fabio VCapello nan pòs antrenèl. Sepandan Guti , ki fè Casppello konfyans tou, reklame Beckham sou teren. Guti mande Capello pou-l pi saj paske Beckham rete yon gwo jwè foutbòl e li merite respè malgre li pran desizyon bay karyèl yon lòt oryantasyon lè-l siyen yon kont ak klub ameriken Los Anjeles Galaksi ( Los Angles Galaxy) pou anviwon 150 milyon dola ameriken.

Nan rubrik match amikal : genyen dabò nan vil Londr yon istorik Brezil nan Ronaldinyo kap rankontre ak Pòtugal pou jodi-a . E demen nan stad de Frans , bleu-yo ap akeyi Arjantinn. Match sa-a reprezante pou La Frans ak pou antrenè-a Raymond Domenech , yon rasanblemant, yon match chofe jarèt pou pwochen match Lafrans-la kont Lituani nan kad eleiminatwa Koup Dewòp dè Nasyon-an . Fè enteresant David Trezeguet arjanten de nesans pral jwe kont peyi natal-li. Lòt match ankò : Almay ap jwe kont la Suisse , La Oland kont La Rusi ; epi Angleterre kont Espay .

Toujou demen Mèkredi a nan Univèsite Phoenix an Arizona, Jean Robert Philippe di-nou , latè pral tranble lè Etazuni ap rankontre ak Meksik. Sa fè 52 zièm fwa 2 seleksyon yo ap rankontre. Hugo Sanchez ap fè premye tès li nan tèt seleksyon Meksiken an aloske Bob Bradley ap jwe 2 zièm rankont li. Dènye fwa 2 seleksyon yo te rankontre se an Septanb 2005 yon rankont Etazuni te ranpòte nan kad match kalifikatif koup du mond Almay 2006 la.

Tennis

tenis Graz-la ann Frans : Kèk kalifye apre match ki jwe jodi-a pou premye tou-a : Katarina Srebonitch, moun peyi Sloveni ; almand Martina Mueller ak fransèz Natalie Dechy ak tchèk Lucie Safavorova

XS
SM
MD
LG