Tennis
Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer ranpòte 10 zièm tit gran Shelem nan karyèl apre li kale Chilyen Fernando Gonzales nantounwa Open Ostrali a 7-6, 6-4, 6-4. Federer tounen 5 jwè tenis ki ranpòte 10 tounwa tenis Gran Shelem. Federer ranpòte tounwa a san li pa janm pèdu yon manch. Dènye fwa sa te fèt se te an 1980 ak Swedwa Bjorn Borg.
Serena Williams kale Rus Maria Sharapova pou l ranpòte kategori meda m yo.
Swis Roger Federer ogmante distans li nan klasman jeneral la devan espayòl Rafael Nadal apre li finn ranpòte tounwa tenis Ostrali a. Rus Nikolay Davydenko klase 3 zièm devan ameriken Andy Roddick ak Fernando Gonzales ki te rive nan final Open Ostrali a.
Rus Maria Sharapova se nouvo numewo 1 mondyal malgre li pèdu devan ameriken Serena Williams ki pa figure pami 10 premye yo. Bèlj Justine Henin Hardenne, franse Amelie Mauresmo, Bèlj Kim Clijsters ak Rus Svetlana Kuznetsova konplete lis 5 meyè jwè tenis mondyal feminen an.
Basketball
Phoenix Sun kontinye ap byen men-nen nan chanpyona nasyonal basketball ameriken an apre yo ranpòte 17 tièm viktwa afile yo yè swa Dimanch la devan Cleveland Cavaliers ke yo kale 115 a 100. San Antonio Spurs ranpòte yon viktwa an pwolongasyon an deplasman lakay Los Anjeles Lakers 96 a 94. Michael Finley make 3 pwen mwens ke yon sekond avan fen pwolongasyon an pou ede Spurs yo suprann Lakers yo. Milwaukee Bucks supran New York Knicks ak yon viktwa 107 a 105. Washington Wizards woule Boston Celtics 105 a 91. Detroit Pistons danse sou Indiana Pacers 95 a 87 epi Los Anjeles Clippers pilon-nen Seattle Supersonics 98 a 76.
Football
Federasyon football Ekosè a anplwaye Alex McLeish kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal la kap men-nen kanpay pou l kalifye pou koup dEròp dè Nasyon an an 2008.. McLeish ki gen 48 tan siyen yon kontra kap kenbe l nan tèt seleksyon nasyonal la jusk nan koup du mond FIFA ap òganize an Afrik du Sud. Ekòs nan tèt group B ki gen ladan la Frans, Itali, Ukrèn, Lituani, Jorji ak Il Faroe yo. Msye pral antrene seleksyon nasyonal la ak yon palmarès 77 rankont li jwe pou seleksyon an soti 1980 a 1993.
Etazuni fè match nul ak Angletè 1 a 1 pandan ke almay fè match nul 0 a 0 ak la Chin nan kwadrangulè tounwa football feminen kap dewoule an Chin. CN-
Tailand kalifye pou faz final tounwa football peyi Azi du Sudès yo an Bankòk apre li fè match nul 0 a 0 ak Vyetnam nan seri semi final ki jwe ant 2 seleksyon yo. Tailand pral rankontre ak Sengapour nan yon seri ale / retou. Tailand pral lakay Sengapour 31 Janvye epi match retou a fikse pou 4 Fevriye.
Atletisme
Pwosè kap fèt kont atlèt Grèk Costas Kenteris ak Katerina Thanou ranvwaye pou 24 Septanb akoz pwogram tribunal chaje. 2 atlèt yo anba akuzasyon akoz yo pat prezante pou yon tès depistaj pandan dewoulman je zolenpik Atèn 2004 yo sou pretèks yo ta mele nan yon aksidan motosiklèt.
Plis pase 11 mil atlèt, ki soti nan 26 peyi, ap patisipe nan je dhivè Azyatik yo kap dewoule an Chin. Se dènye gwo konpetisyon kap dewoule an Chin avan je Olenpik Peken yo an 2008.
Kourè Etyopyen Tirinesh Dibaba, ki te ranpòte meday de bronz nan je zolenpik yo, bat pwòp rekò du mond li nan kous 5 mil mèt je an sal ki tap dewoule nan vil Boston. Manmzèl foure nan bous li 25 mil dola pou viktwa a.