Accessibility links

Breaking News

Michel Platini se Nouvo Prezidan UEFA a


Football

Franse Michel Plantini elu kòm nouvo prezidan Unyon Football Eropeyen an devan Swedwa Lennart Johansson ki te nan tèt òganizasyon football Eropeyen an depi 1990. Platini ranpòte eleksyon an ak yon majorite absolu donk 27 vwa sou 52 reprezantan football kontinan an. Lennart Johansson ranpòte 23 vwa-gen 2 abstansyon. Platini pat pat pèdu tan pou l mande nominasyon Lennart Johansson kòm prezidan donè òganizasyon an. Pami pwomès Michel Platini te fè pandan kanpay la se rebat kat la pou pèmèt yon meyè distribusyon opòtunite pou ti peyi football Eropeyen yo.

Unyon football Europeyen an rejte kandida Gilbraltar pou l ta vinn manb òganizasyon football Eropeyen--yon dosye ki fè yon deba politik. Espay mande delege yo pou anpeche koloni britanik la vin manb UEFA. Se sèlman 4 federasyon Britanik ki vote an favè Gibraltar-Ni Espay ni la Grand Bretay ap reklame dwa yo sou teritwa a ki chaje ak wòch e ki separe La Mè Mediterane a ak Osean Atlantik la. Gilbratar gen yon popilasyon 30 mil abitan e yo patisipe nan je Commonwealth Britanik yo. Komite Olenpik Entènasyonal la pa rekonèt teritwa a. Unyon Football vote pou entegre Montenegro kòm yon nouvo manb òganizasyon an efektif 1 Juyè. Sa gen yon lane Montenegro te separe ak Sèbi.

Nouvèl ki soti an Itali fè konnen footballè brezilyen Ronaldo subi plizyè tès medikal nan yon sant nan Milan. Responsab Milan AC yo, ki pa bay twòp detay, di Ronaldo subi plis tès jodi a apre li finn rankontre antrenè Carlo Ancelotti yon responsab Milan AC ap pare pou ale an Espay pou finalize tranfè Ronaldo nan fòmansyon wouj e nwa a.

7 jwè seleksyon nasyonal Vyetnam nan resevwa yon santans prizon an plis de suspansyon pou 5 jwè pou magouy yo ta fè pou pwoteje Birmani nan yon match football an retou pou resevwa lajan nan men yon konpayi haza. Juj la kondane 2 football pou pase 6 zan ak 2 zan prizon epi 5 lòt yo resevwa yon entèdiksyon 2 zan suspansyon. Gen 8 lòt jwè 2 zièm divizyon. Dapre ankèt jwè yo te resevwa lajan pou Vyenam pat make plis ke yon gòl pandan rankont Bimani nan okazyon je Azyatik yo ki te dewoule nan Filipin an 2005--yon match Vyetnam te ranpòte 1 a 0.

Seleksyon feminen ameriken an fè match nul 0 a 0 ak Almay nan kad yon kwadrangulè kap dewoule an Chin. La Chin kale Angletè 2 a 0 nan lòt rankont la.

Tennis

Swis Roger Federer ap rankontre ak chilyen Fernando Gonzales nan final tounwa tenis Open Ostrali a. Gonzales tèt de seri numewo 10 tounwa a kalifye pou final la apre li demantibile Alman Tommy Haas 6-1, 6-3, 6-1 nan yon rankont ki dure sèlman 91 minit. Demen Samdi a ameriken Serena Williams, ki pa tèt de seri tounwa a, ap rankontre an final ak tèt de seri numewo 1 an Rus Maria Sharapova.

Basketball

Kèk rankont aswè a nan NBA Boston Celtics ap jwe kont Toronto Raptors pandan ke Washington Wizards ap jwe an deplasman lakay Detroit Pistons. New York Knicks ap akeyi Maimi Heat. Portland Trail Blazers pral lakay Houston Rockets. Chikago Bulls kont Los Anjeles Lakers. Epi Filadelfia 7ers pral lakay Cleveland Cavaliers.

Fanatik yo vote 10 pibon pami pibon jwè--5 nan chak konferans ki pral jwe match tout vedèt la. Nan Konferans de Lès la fanatik yo seleksyone Dwayne Wade ak Shaquille O’Neal kap jwe nan Miami. Gilbert Arenas nan Washington Wizards. Lebron James nan Cleveland Cavaliers epi Chris Bosh. Nan Konferans de Lwès la fanatik vote an favè Kobe Bryant, kap jwe nan Los Anjeles Lakers, Tracy McGrady, Kevin Garnett, Tim Duncan ak Yao Ming. 56 zièm edisyon Match tout vedèt la fikse pou Dimanch 18 Fevriye nan Las Vegas Nevada.

Yè swa Cutino Mobley make 3 pwen kèk sekond avan fen tan reglemantè a pou pèmèt Los Anjeles Clippers ranpòte yon viktwa de justès devan New Jersey Nets 102 a 101. Sa fè New Jersey 3 zièm fwa li pèdu yon rankont kèk sekond avan fen match la. Toujou yè swa Chikago Bulls suprann Dallas Marvericks ak yon viktwa 96 a 85 e mete fen nan 8 viktwa afile Marvericks yo sot ranpòte.

XS
SM
MD
LG