Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Delivre Mesaj sou Eta Inyon an


Prezidan ameriken an, George W. Bush, fè konnen si Lèzetazini voye plis sòlda nan peyi Irak, sa pral bay tou lè 2 peyi yo plis sekirite. Msye Bush fè deklarasyon sa a nan Diskou sou Eta Inyon an yè swa nan Kongrè ameriken an.

Se premye diskou msye Bush fè sou eta inyon an devan yon Kongrè ki anba kontwol pati opozisyon an, an palan de pati Demokrat la. Sondaj yo montre ke majorite Ameriken yo pa dakò ak fason msye Bush ap fè travay li kòm prezidan. Prensipal rezon ki ekspike bès popilarite sa a, se opinyon negatif majorite pèp la genyen sou fason administrasyon Bush Repibliken an ap jere lagè Irak la.

Msye Bush deja lanse sa li rele “yon nouvo strateji pou n ale delavan” ---kote l'ap voye plis pase 20 mil solda al' ranfòse efektif lame amerikèn nan nan Irak., avèk kèk echayans li fikse pou l' kapab evalye kowoperasyon gouvènman irakyen an nan domèn sekirite a e sou plan poltik. Menm lè msye Bush rekonèt gen moun ki pa dakò ak plan ni an, li fè konnen konsekans yon echèk nan Irak, tap grav anpil-anpil, avèk efè yon moun pa kapab imajine.

Apre diskou a, tankou sa toujou fèt nan tradisyon demokrasi amerikèn nan, pati opozisyon an te reponn e, yè swa, se Senatè Dim Webb (D-Vijinya) ki te fè diskou-repons Demokrat yo.

Si ou ta renmen koute Prezidan Bush ak Senatè Webb, koute repòtaj nou an. Fè klik sou ralonj ki nan tèt atik sa a.

XS
SM
MD
LG