Accessibility links

Breaking News

Ayiti Ranpòte Koup Digicel la nan Trinidad


Seleksyon Nasyonal ayisyen ap retounen an Ayiti kòm nouvo chanpyon Karayib la apre yo kale Trinidad and Tobago 2 a 1 pou ranpòte koup Digicel la. Alexandre Bourcicot, ki te konn jwe nan Chikago Fire ak Eliphene Cadet make yon gòl yo chak nan viktw a.

Ayisyen yo te pèdu kontwòl match nan fen 2 zièm mitan an men yo te reziste atak trinidadyen yo gras ak pèfòmans gadyen -an Fenelon Gabart ak liy defans la. An plis de koup la ayisyen yo resevwa 120 mil dola ameriken pou viktwa a aloske Trinidadyen yo resevwa 70 mil dola. Fanatik yo te mete bann rara nan la ri pou salye viktwa 11 nasyonal la.

Nan Pòtoprens tankou nan vil pwovens fanatik yo te reyuni sou yon seri de plas publik pou asiste rankont la ke yo konsidere kòm yon revanch pou Ayiti ki te pèdu devan Trinidad nan premye tou a. Kuba kale Gwadeloup 2 a 1 pou l konsole l ak 3 zièm plas la. Nap raple Ayiti, Trinidad and Tobago, Kuba ak Gwadeloup ap reprezante rejyon Karayib la nan Koup Dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazuni nan mitan ane a.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w tande reyaksyon kèk fanatik.

XS
SM
MD
LG