Accessibility links

Breaking News

Ayiti kont Trinidad and Tobago nan Final Koup Digicel la


Football

Nan Trinidad and Tobago jodi a Ayiti ap rankontre seleksyon Trinidad and Tobago nan final koup Digicel la. Kuba ap rankontre ak Gwadeloup nan match 3 zièm plas la--4 seleksyon sa yo ap reprezante rejyon Karayib la nan Koup dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazuni nan mitan ane a.

Antrenè Dallas Cowboys la anonse retrèt li kòm antrenè football zèpòl kare malgre kontra l manke yon lane pou l ekspire.. Veteran an ap mete fen nan karyè l ak yon palmarès 183 viktwa--137 defèt ak yon nul-2 tit chanpyon Superbowl ak New York Giants epi pèdu yon final kòm antrenè New England Patriots.

Tennis

Ameriken Andy Roddick kalifye pou semi final tounwa tenis Open Ostrali a apre li woule konpatriòt li Mardy Fish ap kout rakèt 6-2, 6-2, 6-2. Roddick pral rankontre nan semi final la ak chanpyon sòtan an Swis Roger Federer apre li elimine espayòl Tommy Robredo 6-3, 7-6, 7-5 nan yon rankont ki te dure anviwon 2 zhè-d-tan. Bò kote meda m yo ameriken Serena Williams ap rankontre nan semi final la ak Tchèk Nicole Vaidisova.

Asosyasyon Tenis Ameriken an seleksyone Delray Beach an Florid pou akeyi kar de final Koup Konfederasyon 2007 la fas a Beljik. Seri 5 match la ap jwe soti 21 pou rive 22 Avril.

Basketball

Carmelo Anthony make 28 pwen epi Allen Iverson make 23 pou ede Denver Nuggets woule Memphis Grizzlies 115 a 98. Miami Heat danse sou New York Knicks 101 a 83. Na Boston San Antonio Spurs ranpòte 18 tièm viktwa yo ak yon skò 93 a 89 devan Boston Celtics. Indiana Pacers te fè anpil efò pou l kale Chikago Bulls 98 a 91. Orlando Majik tronpe vijilans Cleveland Cavaliers 90 a 79. Charlotte Bobcats tonbe fas anba devan Toronto Raptors 105 a 84.

Olympics 2016

Vil Los Anjeles ak Chikago soumèt detay plan kandidatu yo pou akeyi je zolempik yo an 2016. Komiyon Olempik Ameriken an prale nan Los Anjeles 28 Fevriye epi nan Chikago 5 Mas pou yon vizit 2 jou kote yo pral enspekte enstalasyon yo. Komite Olenpik Ameriken ap anonse vil kap reprezante Etazuni le 14 Avril. Responsab pral soumèt vil ki ta renmen akeyi konpetisyon le 15 Septanb bay Komite Olempik Entènasyonal la. Lòt vil ki manifeste entansyon yo se Madrid, Tokyo, Wòm ak Rio de Janeiro.

XS
SM
MD
LG