Football
Ansyen antrenè seleksyon nasyonal Nijerya a Berti Voghts siyen yon kontra pou l pran tèt seleksyon nasyonal Nijerya a juskan 2010. Dapre akò a ki siyen jodi a nan vil Lond, Berti Vogts ap kòmanse antrene Super Eagles yo le 1 Mars. Poko gen detay sou kantite lajan Vogts ap touche. Premye misyon antrenè alman an se prepare kalifye Nijerya pou koup dAfrik dè Nasyon kap dewoule nan Gana an 2008 epi kalifye pou koup du mond Afrik du Sud la an 2010. Nijerya te elimine nan koup du mond la an 2006.
Avoka kap defann footbalè angle David Beckham ap travay ap responsab yo nan klub Real Madrid pou wè si msye ta jwen liberasyon pibonè pou l kapab vinn jwe nan Los Anjeles Galaksi--Beckham manke 6 mwa pou kontra l fini ak klub espayòl la, men msye ta renmen kòmanse sezon ak Los Anjeles Galaksi an Avril lè MLS la ap demare. Antrenè Real Madrid la Italyen Fabio Capello te deja deklare Beckham pap jwe oken match pou klub la akoz li te deja pran angajman ak yon lòt klub san kontra l poko fini e lisyen yon kontra ak Galaksi san li pat menm enfòme dirijan Real Madrid yo.
Ansyen football Kamerounè Roger Milla resevwa yon vòt meyè footbalè afriken pandan 50 dènye ane yo dapre yon sondaj Konfederasyon football Afriken an fè. Milla, footbalè pi aje ki jwe yon koup du mond (1994), resevwa yon total 2 mil 246 vwa devan 2 footbalè ejipsyen Mahmoud al-Khatib ak Hossam Hassan.
Tailand van-nen Philipinnes 4 a 0 nan kad chanpyona football peyi Azi du Sudès yo kap dewoule nan Bangkok. Malezi fè match nul 0 a 0 ak Birmani nan group A a. Group B a, ki antre nan won jodi a, Sengapour pilon-nen Laos 11 a 0 epi Endonezi fè match nul 1 a 1 kont Vyetnam. 2 premye nan chak group yo kalifye pou semi final la. Demen Madi a Tailand ap rankontre ak Malezi epi Birmani kont Filipin. Konpetisyon an dewoule chak 2 zan.
Venezuela ranpòte yon viktwa supriz devan la Swèd 2 a 0 nan Maracaibo nan kad preparatif Venezuelyen yo ap fè pou Kopa Amerika a 2007 la. Swedwa yo pral rankontre ak Ekwatè 21 Janvye.
New England Patriots suprann San Diego Chargers ak yon viktwa 24 a 21 pou al rankontre an final ak Indianapolis Colt semen pwochen nan. Chikago Bears kalifye pou final la konferans la tou apre viktwa an pwolongasyon li ranpòte devan Seattle Seahawks 27 a 24. Chikago ap akeyi nan final konferans la dimanch pwochen New Orleans Saints nan Konferans Nasyonal la. Venkè 2 konferans yo ap rankontre nan 41 nièm edisyon final Superbowl la nan Miami 4 Fevriye.
Tennis
Chanpyon sòtan an tounwa tenis Open Ostrali a Swis Roger Federer kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Open Ostrali a, premye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a apre li kale Alman Bjorn Phau 7-5, 6-0, 6-4. Federer ap chache 10 zièm tit nan yon gwo konpetisyon. lòt kalifye yo se Chipriyòt Marcos Baghdatis ak ameriken Andy Roddick sepandan Kwat Ivan Ljubicic elimine devan ameriken Mardy Fish 4-6, 7-6, 6-4, 6-4. Bò kote meda m yo franse Amelie Mauresmo pat pèdu twòp tan ak ameriken Shenay Perry 6-3, 6-4 aloske ameriken Serena Williams pat rankontre oken rezistans nan viktwa li ranpòte devan Italyen Mara Santangelo 6-2, 6-1.
Basketball
Josh Howard make yon 2 pwen kèk sekond avan fen tan reglemantè a pou pèmèt Dallas Marvericks ranpòte yon viktwa de justès 97 a 96 devan Toronto Raptors. Dallas ranpòte 17 viktwa nan 18 dènye rankont li jwe. Nan lòt rankont Denver Nuggets woule Portland Trail Blazers ak yon viktwa 103 a 93 gras a 32 pwen Allen Iverson make ak 9 pas ki make pwen.
Atletisme
Kourè Etyopyen yo briye nan maraton Rock’n’Roll la nan marathon Arizona ki sot dewoule nan Phoenix. Terefae Yae suprann konpatriyòt li Fikadu Degefu ak 3 sekond. Etyopyen Adenech Zekiros ranpòte kategori meda m yo dean konpatriòt li Salomie Getnet ak peruvyen Maria Portilla.
Natation
Najè ameriken Natalie Coughlin bat pwòp rekò l nan US Open ameriken nan kous 200 mèt naj lib kap dewoule nan Sud Kalifòni ak yon sekond an plis de ansyen rekò a li te bat an 2002. Konpetisyon an antre nan kad preparatif kap fèt pou chanpyona du mond natasyon ki gen pou dewoule an Mas pwochen. Ameriken Michael Phelps ranpòte kous 400 mèt la endividuèl la men li pèdu nan kous 200 mèt naj la planch la.
Olynpics
Responsab Asosyasyon Olenpik Britanik la Simon Clegg avèti emèjans la Chin kòm yon supè puisans spòtif pandan li fè konnen gen lòt peyi ki an gè spòtif teknik ak la chin kap òganize je zolempik 2008 yo Clegg di amelyorasyon atlèt chinwa yo pral yon gwo defi yap gen pou leve nan 3 pwochen je zolempik yo.
Cyclisme
Tribunal federal Swis kore suspansyon kap peze sou do siklis Alman Danilo Hondo ki te teste pozitif pou stimulan Crphedon pandan yon kous bisiklèt an Espay. Se Ajans Antidopaj Mondyal la ki anonse nouvèl la.