Tennis
Nan tiraj osò Open Ostrali a ki dewoule jodi a Roger Federer kapab rankontre ak Marcos Baghdatis nan kar de final si previzyon yo fonde. Federer dwe kale Alman Bjorn Phau ki te kale l sa gen 7 tan nan tounwa Legg Mason nan isit Washington. Destin chak mesye yo te pran yon direksyon diferan. Federer ki okipe fotèy numewo 1 mondyal la depi Fevriye 2004, ranpòte 9 tounwa Gran Shelem ak 28 milyon edmi dola aloske Phau klase 83 zièm mondyal ak yon prim total 936,126 dola.
Bò kote meda m yo numewo 1 mondyal la Rus Maria Sharapova ap rankontre ak Franse Camille Pin e kapab rankontre ak Swis Patty Schnyder nan kar de final la. Swis Martina Hingis ap rankontre kont franse Nathalie Dechy ak posibilite pou l ta rankontre ak Bèlj Kim Clijsters nan kar de final la.
Swis Roger Federer ranpòte yon viktwa byen fasil devan Rus Marat Safin nan tounwa tenis Classic Kooyong nan an Ostrali 6-3, 7-6. Federer ap rankontre ameriken Andy Roddick ki kale britanik Andy Murray 6-4, 6-4. Se youn pami dènye tounwa avan devan tounwa tenis Open Ostrali a--premye tounwa Gran Shelem pou ane a kap kòmanse nan Melbourne Lendi.
Espayòl Tommy Robredo ak David Ferrer ap rankontre an final tounwa tenis Auckland la kap dewoule nan Nouvèl Zeland. Adolesan Rus Anna Chakvetadze byen prepare pou l al patisipe nan tounwa tenis Open Ostrali a apre li ranpòte tounwa tenis Hobart International la. Chakvetadze woule konpatriòt li Vasilia Bardina ak kout rakèt 6-3, 7-6 pou l ranpòte 3 zièm tounwa tenis nan karyè l. Manmzèl foure nan bous li 23 mil 700 dola pou viktwa a.
Yon lòt kote bèlj Kim Clijters byen kòmanse ane a apre li ranpòte tounwa tenis Sidney Intènsyoal la devan Sèb Jelena Jankovic 4-6, 7-6, 6-4. Ameriken James Blake ap rankontre ak espayòl Carlos Moya nan final la ki fikse pou demen Samdi a. Football
Otorite football franse yo inogure nouvo syèj Federasyon yè Jedi a an prezans 3 gwo zotobre: Sepp Blatter, prezidan FIFA, Lennart Lennart Johansson, prezidan UEFA-a e Michel Platini, yon grand figur nan foutbòl fransè-a. Nan okazyon-an, prezidan FIFA-a te felisite La frans dèske li te pami 6 lòt federasyon ki te fonde FIFA le 21 Mai 1904. Jodi a tou faz final Koup Digicel la ap demare nan Trinidad and Tobago. Ayiti ap rankontre ak Martinik epi Trinidad and Tobago kont Barbad.
Basketball
Phoenix Suns ranpòte 8 tièm viktwa l yè Jedi a apre yo kale Cleveland Cavaliers 109 a 90. Steve Nash fè 20 pas ki make pwen--premye jwè an 9 van ki fè 20 pas ki make pwen nan yon sezon. New Jersey Nets ranpòte yon viktwa tou mens devan Chikago Bulls gras ak Jason Kidd kimake 23 pwen--trape balon an 14 fwa epi fè 11 pas ki make pwen.
Philadelphia 76ers retire dwa yo te genyen sou Chris Webber apre 2 zan edmi movèz pèfòmans nan ekip la. Blesu koz Webber rate 11 sou 14 dènye rankont sixers yo jwe. Webber ta dwe touche sezon sa a 21 milyon dola epi 22 milyon sezon pwochen an. Webber ap kite ekip la apre Allen Iverson te kite pou l al jwe nan Denver Nuggets.
Atletisme
Chanpyon Atletik mondyal Etyopyen Tirunesh Dibaba ap patisipe nan je Milrose yo kap dewoule nan New York. Konpetisyon an kap dewoule mwa pwochen an kouvri yon distans 3 mil mèt.