Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen an Akize Etazini Pou Pwoblèm Dwòg Ayiti a


Pandan Prezidan René Garcia Préval t'ap pran lapawòl lendi nan Palman an, li lanse yon apèl anfavè tèt-ansanm ant Ayisyen, li salwe apui kominote entènasyonal la bay Ayiti, men li pat' mete dlo nan bouch li pou li akize Etazini kòm responsab pwoblèm dwòg Ayiti genyen alèkile.

Msye Préval mande aplikasyon akò ki prevwa patisipasyon otorite ameriken yo nan konbat trafik dwòg sou teritwa ayisyen an. Lidè ayisyen an te pale an prezans reprezantan gouvènman Bush la, ki poko reyaji jiska kounye a.

Yon lòt kote, 2 jou apre 22 moun te peri nan yon aksidan machin bò vil Léogane (32 km ak kapital la), gen 5 lòt moun ki mouri nan yon lòt aksidan nan menm zòn nan.

Pou w ka koute detay nouvèl sa yo ak lòt ankò, fè klik sou rlaonj ki anlè foto prezidan Préval la.

XS
SM
MD
LG