Accessibility links

Breaking News

Nouvo Sekretè Jeneral LONU an Ban Ki-moon Chwazi Journalis Ayisyèn Michèle Montas kòm Pòt Pawòl li.


Nan yon entèvyou Michèle Montas -- ki se madanm defen Jean Dominique -- bay laprès, li deklare nominasyon an se yon sirpriz pou li.

Sepandan, li ajoute li pral sèvi ak eksperyans sa a pou l rapouswiv menm lut li tap mennen lè l te ann Ayiti a.

Michèle Montas ajoute ke nouvo sekretè jeneral LONU-an Ban Ki-moon fè l konnen younn nan rezon li chwazi li kòm pòt pawòl li, se akoz istwa li.

Michèle Montas te kouri kite peyi dAyiti aprè lanmò mari li Jean Dominique e aprè asasina yon gad-di-kò li nan peyi dAyiti.

Li fini pa di li pral sèvi ak pòs li a pou l denonse abi dwazimen tou patou nan le mond, sitou ann Ayiti.

Yon lòt kote, prezidan ayisyen an René Préval chwazi chantè Rap ayisyen-ameriken Wyclef Jean kòm anbasadè bòn volonte.

Klike sou lyen anlè a pou w tande repòtaj sou aktyalite a ann Ayiti pou mèkredi 3 janvye 2007 la.

XS
SM
MD
LG