Accessibility links

Breaking News

Bob Knight Ranpòte plis Viktwa Baskètball kom Antrenè


Basketball

Antrenè Texas Tech Red Raiders, Bob Knight tounen antrenè ki ranpòte plis viktwa nan istwa seleksyon basketball Univèsitè yo apre viktwa de justès Raiders yo ranpòte devan New Mexico pou l mete a 880 tièm viktwa-swa yon match an plis antrenè North Carolina a Dean Smith.

Te gen 2 grenn match basketball yè Lendi a isit Ozetazuni ak retou ansyen balon an. Kevin Garnett make 32 pwen epi trape balon an 14 fwa pou ede Minnesota Timberwolves remonte yon defisi pou kale Charlotte Bobcats 102 a 96. Boston Celtics te fè anpil efò avan li kale Portland Trail Blazers 89 a 81. CN-98

Football

Te gen plizyè match football zèpòl kare lakay univèsitè yo yè Lendi a. USC ranpòte trofe Rose Bowl la apre yo kale Michigan 32 a 18. Boise State suprann Oklahoma an pwolongasyon ak yon viktwa 43 a 42 pou l ranpòte Fiesta Bowl la. Penn State suprann Tennessee ak yon viktwa 20 a 10. Auburn ranpòte yon viktwa tou mens devan Nebraska 17 a 14. Menm skò a pou Arkansa kont Wisconsin 17 a 14. West Virginia suprann Georgia Tech 38 a 35. Tounwa Univèsitè yo ap fini 8 Janvye ak final Nasyonal la lè Ohio State ap rankontre ak Florida pou tit nasyonal la.

Tennis

Bèlj Xavier Malisse te bezwen 2 manch pou l kale Tailandè Danai Udomchoke 6-2, 6-2. Franse Julien Benneteau ak Nicolas Mahut ranpòte la viktwa.

La rusi kale Etazuni pou l rete anvi nan koup Hopman par ekip la kap dewoule nan Pert an Ostrali. Etazuni, ki subi 2 defèt, elimine apre yo te pèdu match douvètu a fas a la Frans. Demen Mèkredi a Espay ap rankontre ak Republik Tchèk epi Kwasi fas a End. Tchèk ak Kwasi beswen yon viktwa pou rete anvi nan chanpyona a.

XS
SM
MD
LG