Accessibility links

Breaking News

Jwè Tennis yo ap Pare pou Premye Tounwa Gran Shelem pou Ane a


Italyen Tathiana Garbin elimine alman Anna-Lena Groenefeld 7-6, 6-7, 6-3 pou l kalifye nan 2 zièm tou tounwa tenis Gold Coast la kap dewoule an Ostrali. Sèb Ana Ivanovic te bezwen 2 manch pou l kale Italyen Roberta Vinci 7-6, 6-1. Chinwa Li Na elimine Tchèk Sandra Zahlavova 6-0, 6-4.

Chanpyon franse Florent Serra kale Swedwa Joachim Johansson 2-6, 6-3, 6-4 nan match douvètu touna tenis Adelaid la-premye tounwa kap eseye nouvèl fomul ATP, Responsab yo di nouvo fòma ATP a, kap utilize nan 12 tounwa sezon sa a, diminye presyon sou jwè yo ki dwe jwe 2 match avan yo elimine.

Rus Anastasia Myskina elimine nan tounwa tenis Classic Aukland la apre li blese nan yon zòtèy nan moman li tap jwe ak arjanten Gisela Dulko 6-1, 6-7, 6-2.

Espayòl Tommy Robredo ak Anabel Medina Garrigues ede espay ranpòte yon viktwa 3 a 0 devan Kwasi nan tounwa koup Hopman pa ekip la kap dewoule nan Perth an Ostrali. End klase 2 zièm apre yo suprann Republik Tchèk 2 a 1 nan group B a. Nan group A a Ostrali kale la Rusi 2 a 1 pandan ke frans kapote Etazuni 2 a 1. Gen 8 peyi ki divize an 2 group de 4 kapa patisipe nan konpetisyon an. Premye nan chak group yo ap kalifye pou final la.

Football Ameriken

Detroit Lions suprann Dallas Cowboys ak yon viktwa 39 a 31--defèt ki pèmèt Philadelphia Eagles ranpòte tit divizyon Es la epi fasilite New York Giants kalifye pou faz final la apre viktwa 34 a 28 yo te ranpòte devan Washington Redskins. New Orleans Saints ranpòte Divizyon Sud la epi Seattle Seathawks ranpòte divizyon Wès la. Nan Konferans Ameriken an San Francisco 49 ers kale an pwolongasyon Denver Broncos 26 a 23 pou pèmèt Kansas City Chiefs kalifye apre viktwa 35 a 30 yo ranpòte devan Jacksonvil Jaguars. San Diego Chargers se tèt de seri numewo 1 nan Wès la pandan New England Patriots se tèt de seri numewo 1 nan Lès la. Baltimore Ravens ranpòte zòn nò a epi Indianapolis Colts ranpòte Sud la. New York Jets kalifye tou apre viktwa 23 a 3 yo ranpòte devan Oakland Raiders.

Basketball

Phoenix Suns te fè anpil efò avan li kale Detroit Pistons 108 a 101 gras ak 35 pwen Steve Nash make epi fè 12 pas ki make pwen. Dallas Mavericks ranpòte 10 zièm viktwa afile yo apre yo kale Denver Nuggets 89 a 85. Tim Duncan make 27 owen nan Swif 95 a 81 San Antonio Spurs pase Atlanta Hawks. Los Anjeles Clippers kale New York Knicks 90 a 80. Houston Rockets, Los anjeles Lakers ak Seattle Supersonics ranpòte la viktwa.

Atletisme

Kourè Brezilyen Franck Caldeira ak Lucelia de Oliveira Peres ranpòte maraton 15 kilomèt Sen Silvèst la ki tap dewoule nan Sao Paolo o Brezil malgre la pli.

XS
SM
MD
LG