Football
Seleksyon nasyonal ayisyen an rive nan Trinidad and Tobago kote li pral patisipe nan tounwa repechaj pou zòn Karayib la. Ayiti ap rankontre ak Republik Dominikèn ak Bermud nan debu Janvye 2007.Venkè tounwa repechaj la ap kalifye pou jwe faz final Koup Digicel la kap jwe nan Trinidad and Tobago. Ayiti ap rankontre ak Republik Dominikèn 5 Janvye avan al mate balon fas a Bermud le 9 Janvye. Avan rankont sa a seleksyon an ap jwe 2 match amikal kont 2 klub Trinidadyen demen Vandredi ak Madi 2 Janvye.
Vedèt football Brezilyen Ronaldinho inogure yon lekòl pou ti moun ki nan bezwen nan Sudès Brezil. 3 mil 500 ti moun ap benefisye lè nouvo lekòl la louvri an Mas. Roberto de Assis, yon frè Ronaldinho ap dirije lekòl la ki pral ofri kou sou footbal ak lòt spò, teyat, dans, lang ak kou sou òdinatè.
Konfederasyon Football Amerik du Sud pral enspekte tout 9 stad kote Copa Amerika pral dewoule o Venezuela nan fen Janvye 2007 la. Komite òganizatè a di stad yo ap pare avan menm lè yo te prevwa swa le 1 Avril. Konpetisyon an ap dewoule soti 26 Jwen pou rive 15 Juyè. Tiraj osò a kapab dewoule swa 8 ou byen 14 Fevriye 2007. Òganizatè yo espere akeyi yon demi milyon fanatik pou evenman an ke Etazuni ap patisipe kòm envite espesyal.
Vytenam kale Sengapour 3 a 2 pou l al rankontre Tailand nan final koup Wa a Samdi nan Bangkòk. Tailand kalifye apre match nul 2 a 2 yo fè ak Kazahkastan nan lòt semi final la.
Jounalis spòtif Togolè yo deziye Emmanuel Adebayor, kap jwe nan Arsenal kòm meyè footbalè Togolè kap evolye a letranje. Kadè Mohamed Cougbadja elu kòm meyè football Togolè ki te patisipe nan koup du mond Almay 2006 la, malgre seleksyon an te elimine depi nan premye tou konpetisyon an.
Basketball
New York Knicks te bezwen 3 pwolongasyon pou l kale Detroit Pistons 151 a 145. Sa fè Kniks yo 3 zièm viktwa yo ranpòte an pwolongasyon pandan 10 jou. Los Anjeles Lakers tronse Orlando Majik 106 a 93 gras ak 27 pwen Kobe Bryant make. Gilbert Arena make 39 pwen nan viktwa 114 a 107 Washington Wizards ranpòte devan Charlotte Bobcats. Cleveland Cavaliers danse sou Atlanta Hawks 89 a 76 Menm situasyon an nou jwen pou Houston Rockets ki te finn pa gen rezon sou New Jersey Nets 96 a 71. Toronto Raptors ranpòte yon viktwa tou mens devan Minnessota 100 a 97. Memphis Grizzlies tonbe devan Milwaukee Bucks 112 a 96. Miami Heat pèdu devan Chikago Bulls 109 a 103.
Responsab yo nan NBA a frape Jason Kidd, kap jwe nan New Jersey Nets, yon amand 20 mil dola akoz li te kritike fason abit abit yo te dirije rankont New Jersey kont Detroit Madi pase--rankont New Jersey te pèdu 92 a 91.