Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Ameriken Gerald Ford Mouri


Isit ozetazini, drapo monte a demi-ma tou patou nan peyi a nan memwa ansyen prezidan Gerald Ford.

Msye Ford mouri madi swa lakay li nan eta Kalifòni kote l te abite ansanm ak madanm ni, ansyèn premyèr dam Betty Ford.

Otorite ameriken yo fè konnen kadav Msye Ford ap rive samdi isit Washington kote yo pral ekspoze li

Yo genyen pou yo fè yon fineray deta pou ansyen prezidan Gerald Ford madi kap vini an.

Klike sou lyen anlè a pou w koute yon repòtaj spesyal kolaboratè nou Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG