Accessibility links

Breaking News

Fabio Cannavaro ap Patisipe nan yon Match Charite o Brezil


Football

DC United non-men asistan antrenè ekip la Tom Soehn kòm antrenè apre Peter Nowak aksepte djòb asistan antrenè seleksyon nasyonal ameriken an ak seleksyon mwen de 23 zan an. Nowak ap kite D-C United ak yon palmarès 42 viktwa--25 nul ak 27 defèt-ak yon tit chanpyon an 2004. An plis de seleksyon nasyonal seniò a Nowak ap asiste antrenman seleksyon mwens de 23 zan ki pral chache kalifikasyon pou je zolenpik Peken 2008 yo.

Nowak ap kite D-C United ak yon palmarès 42 viktwa--25 nul ak 27 defèt-ak yon tit chanpyon an 2004.

Responsab football yo nan Karayib fè yon chanjman dènye minit nan semi final koup dè klub chanpyon ak vis chanpyon Karayib la. Baltimore de Sen Mak ap jwe semi final ale a kont klub Trinidadyen San Juan Jabloteh 26 Janvye epi lòt semi final la ap mete bab pou bat klub Trinidadyen Joe Public kont klub Jamayiken Habour View. Venkè yo ap rankontre an final kap detèmine reprezantan Karayib la nan chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon kap dewoule Ozetazuni.

Nouvèl ki soti an Espay fè konnen football Brezilyen Ronaldinho depoze dokumann nan sèvis imigrasyon espayòl pou l kapab pran nasyonalite peyi a disi ane pwochèn. Si otorite aprouve demand la Barselòn ap kapab aliyenn kòm yon jwè Unyon Eropeyen an. Dapre règleman yo yon klub kapab gen sèlman 3 footbalè ki an deyò komonote a. Defansè Meksiken Rafael Marquez deja gen nasyonalite espayòl depi mwa pase a pandan Kamerounè Samuel Eto’o ap tann pou l prete sèman. Real Madrid pran swif 3 a 0 a domisil devan Recreativo Huelva nan kad 16 zièm jounen chanpyona espayòl la.

Pral gen yon match de charite O Brezil kap mete fas a fas pibon pami pibon jwè Brezilyen yo tankou Ronaldo ak Deco. Match la fikse pou 28 Desanm nan Sant football Ziko a ki nan Rio de Janeiro. Fanatik ki vle asiste rankont la dwe bay 1 kilogram manje ki pap peri pou distribye bay òganizasyon charite yo-2 envite de mark nan rankont la se meyè jwè FIFA pou ane a Italyen Fabio Cannavaro ak franse David Trezeguet.

Boxing

Boksè Floyd Mayweather ak Oscar de la Hoya pral mare batay nan Las Vegas Nevada 5 Me kap vini l la. Tikè pou chita tou pre ring nan kapab koute juska 2 mil dola.

Basketball

Jermaine O’Neal make 34 pwen epi trape balon an 11 fwa pou ede Indiana Pacers kale Philadelphia 76ers 101 a 93. Los Anjeles Lakers, New Jersey Nets, Milawuakee Bucks, San Antonio Spurs, Uatah Jazz, Orlando Majik, Golden State Warriors, New York Knicks, Portland Trail Blazers, Dallas Marvericks ak Toronto Raptors yo tout ranpòte la viktwa.

Vil Brooklyn New York ap raproche pou l fen yon ekip basketball apre yon ajans gouvènman an aprouve yon plan redevlopman 4 milya dola pou konstrui yon jimnaziòm 18 mil plas san bliye konstruksyon lòt apatman nan zòn nan.. New Jersey Nets kapab relokalize l nan Brooklyn a pati de sezon 2009 --2010 la.

La nèj kap tonbe nan Denver Colorado fòse Denver Nuggets ranvwaye rankontre li te gen pou l jwe yè swa kont Phoenix Suns. Allen Iverson ki fèt transfere nan Denver bloke apre gouvènè eta deklare yon eta durjans. Ayeropò a fèmen akoz gwo van ak la nèj kap tonbe. Yon lòt kote prezidan Philadelphia 76ers la pa ekate posibilite pou l ta retounen ak Larry Brown kòm antrenè klub la. New York Knicks te revoke Larry Brown an Jwen pase apre move dosye l kote li fini ak yon palmarès 23 viktwa 59 defèt pandan sezon regulye a.

XS
SM
MD
LG