Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kidnapè Detounen Yon Otobis Chaje ak Pasaje


Korespondan nou Galilee Périlus di nou sanble nèg ame k ap fè vyolans ann Ayiti yo kòmanse chanje taktik, pwiske yo kòmanse detounen otobis e kidnape pasaje yo.

Sa fèt nan zòn Ti Tanyen lè bandi sezi yon otobis ki fè trajè Sen Mak Pòtoprens ansanm ak pasaje ki abò yo.

Bandi yo reklame gwo sòm lajan pou libere viktim yo.

Klike sou lyen anlè a pou w koute nouvèl ki fè aktyalite a ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG