Accessibility links

Breaking News

Faz Dechoukaj Lig dè Chanpyon an ap Komanse an Fevriye


Football

Tiraj osò 8 tièm de final Lig dè Chanpyon Eropeyen dewoule jodi a nan Nyon. Klub franse Lille fas a Manchester United pandan ke Lyon pral rankontre ak AS Wòm. Chòk ant Liverpool ak Barselòn epi Bayern de Munik kont Real Madrid. FC Porto kont Chelsea, Celtic Glasgow kont Milan AC, PSV Eindhoven kont Arsenal epi Inter de Milan kont Valancia. Match ale a fikse pou 20 e 21 Fevriye epi retou a fikse pou 6 e 7 Mas 2007. Venkè seri dechoukaj la ap kalifye pou kar de final la.

San Francisco 49ers danse sou Seattle Seahawks 24 a 14. Defèt la mete Seahawks ak yon palmarès 8 viktwa 6 defèt.

Basketball

San Antonio Spurs woule New Orleans Hornets 103 a 77 nan chanpyona basketball ameriken an. Charlotte Bobcats mete fen nan 4 defèt afile li sot subi lè l kale Orlando Majik 99 a 89. Golden State Warriors ranpòte yon viktwa de jusès 109 a 107 fas a Houston Rockets.

Neo Zelandè dorijin Sèb Nenad Vucinic se nouvo antrenè seleksyon nasyonal basketball Nouvèl Zeland la. Vucinic, ki ranplase ameriken Tab Baldwin, ap gide seleksyon nan eliminatwa je zolempik Peken 2000 yo. Nouvèl Zeland dwe ranpòte la viktwa devan Ostrali nan chanpyona Oseyani a pou l kalifye pou je zolempik Peken yo

Tennis

Ameriken Lindsay Davenport anonse lap pran retrèt li apre li finn akouche an Jwen 2007.

XS
SM
MD
LG