Accessibility links

Breaking News

Ronaldinho, Meyè Footballè pou Ane a


Football

Jounal spòtif espayòl Marca fè konnen dirijan FIFA yo deziye Ronaldinho kòm meyè footbalè pou ane 2006 la devan Italyen Fabio Cannavaro ak franse Zinedine Zidane. Ronaldinho se premye jwè ki ranpòte trofe a pou yon 3 zièm ane youn dèyè lòt. Ronaldo ak Zinedine Zidane ranpòte trofe a 3 fwa.

Barselòn danse sou klub Meksiken Amerika 4 a 0 pou l al rankontre an final ak klub Brezilyen Internacional de Porto Alegre nan final koup du mond klub yo kap dewoule o Japon. Final la fikse pou Dimanch.

Six Klub Eropeyen kalifye pou pwochen tou Unyon Football Eropeyen an. Feyenoord, Pari Sen Jermen, Ajax Amsterdam, Hapoel Tel Aviv, Celta Vigo ak Fernerbahce. Jodi a 4 lòt klub ap kalifye nan okazyon 8 rankont.Tiraj osò pou faz dechoukaj la ap dewoule demen Vendredi a. Final konpetisyon an fikse pou 16 Me nan Glasgow an Ekòs.

Estudiantes suprann Boca Junior ak yon viktwa 2 a 1 pou l ranpòte tounwa douvètu chanpyona Arjanten an-2 ekip yo te fini sezon regulye a egalite.

Klub Meksiken Pachuca suprann Kolo/ Kolo de Chili ak yon viktwa 2 a 1 pou l ranpòte Kopa Amerika Amerik du Sud la. 2 ekip yo te fè match nul 1 a 1 nan match ale a.

Gouvènman Sud Afriken an pwomèt fanatik football yo yap an sekurite pandan dewoulman koup du mond la an 2010. Responsab yo eksprime konfyans yo tout stad yo ap finn konstrui dici 2009 e menm an 2008.

Final chanpyona Nasyonal Lig football balonwon ameriken an pou sezon 2007 la ap dewoule isit Washington dapre anons ki dwe fèt jodi a. Final la deja dewoule nan Stad Robert F Kennedy a an 1997, ak lan 2000.

Basketball

Gilbert Arenas make 34 pwen pou l ede Washington Wizards tronse Denver Nuggets 120 a 91 malgre Carmelo Anthony make 37 pou Nuggets yo. Phoenix Suns te fè anpil efò pou l kale Miami Heat 99 a 89 pou yo ranpòte 12 zièm viktwa yo. Toronto Raptors, Indiana Pacers, Cleveland Cavaliers, New Jersey Nets, New York Knicks, SAn Antonio Spurs, Portland Trail Blazers ak Chikago Bulls ranpòte la viktwa.

Los Anjeles Clippers pwolonje pou 4 tran kontra antrenè Mike Dunleavy pou 22 milyon dola. Dunleavy te ede Clippers yo ranpòte pandan sezon regulye pase a 47 viktwa 35 defèt. Clippers yo te elimine nan 2 zièm tou faz final la.

Asosyasyon Basketball Feminen ameriken an pran kontwòl klub Charlotte Sting apre responsab yo Charlotte Bobcats yo fè konnen yo pa enterese kòm dirijan ekip basketball feminen an.

XS
SM
MD
LG