Accessibility links

Breaking News

Brezil Kandida pou Koup du Mond 2014 la


Football

Brezil ofisyèlman deklare kandidatu l pou l òganize koup du mond football FIFA a an 2014. Se jodi a Konfederasuon Football Brezilyen depoze kandidatu l bay FIFA nan vil Tokyo kote kote koup du mond football klub yo ap dewoule. Dènye fwa Brezil te òganize yon koup du mond se te an 1950 lè yo pèdu an final 2 a 1 fas a Urugwe nan yon rakont ke yo te favori. Brezil dwe satisfè yon seri de kondisyon kalite ak kapasite stad yo, otèl ak mwayen transpò.

Si Brezil pa ta ranpli kondisyon yo eh byen Kanada ak Etazuni kapab kandida posib. FIFA ap anonse peyi òganizatè a an Novanm 2007. FIFA deja bay garanti tounwa a ap dewoule an Amerik du Sud pou pèmèt aplikasyon sistèm rotasyon konpetisyon an. Si yon peyi nan Amerik du Sud pa ranpli kondisyon yo eh byen koup du mond la kapab dewoule nan yon peyi an Amerik du Nò dapre deklarasyon prezidan FIFA a Sepp Blatter te fè semen pase a.

Klub Brezilyen Internacional de Porto Alegre kale klub Ejipsyen Al Haly 2 a 1 pou l kalifye pou final koup du mond klub yo kap dewoule O Japon. Internacional pral rankontre ak venkè lòt demi final la kap dewoule demen Jedi a ant Barselòn ak Amerika.

Afrik du Sud rejte kè sote ki genyen nan preparasyon pou faz final koup du mond la an 2010. Responsab yo fè konnen yo deja demare ak preparasyon yo e yo pap pran tan pou anonse disi fen ane a konpayi kap reyalize pifò travay yo. Fòs de lòd yo ajoute yo gen plan genyen 192 mil polisye nan la ri a disi 2009. 30 mil pami yo pral pwoteje atlèt yo, fanatik ak touris yo.

Malgre footballè alman Jurgen Klisman anonse li pa enterese nan antrene seleksyon ameriken an, pa vle di li fèmen pòt la pou l pouswiv karyè l an Almay. Nan yon deklarasyon Klismann bay yon magazin li fè konnen li pap pran tan pou l anvizaje posibilite a.

Klub espayòl Real Madrid anonse lap tante yon aksyon an justis kont jounal franse Le Mond apre li te publiye yon atik ki enplike klub la nan yon skandal dopaj. Atik jounal la enplike Barselòn, Real Betis ak Valans.

Dènye match group nan Koup UEFA a ap dewoule jodi a ak demen avan yo rantre nan faz dechoukaj la kap anonse Vandredi. 8 klub ki fini 3 zièm nan Lig dè chanpyon an ap vinn fè pati 32 ekip yo.

Ajans Nouvèl Associated Press rapòte Jorge Luis Pinto non-men kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal footbal Kolonbi a. Pinto se ansyen antrenè seleksyon nasyonal Kosta Rika a e ki se aktuèl antrenè klub Kolonbyen Cucuta Deportivo ki a egalite ak klub Millonarios de Bogota pou yon plas nan final chanpyona Kolonbyen an.

Irak ap rankontre ak Katar nan final football Je Azyatik yo kap dewoulenan Doha Katar. Katar koze supriz la lè yo kale chanpyon sòtan an Iran 2 a 0 nan semi final la aloske Irak suprann bonanj Kore du Sud ak yon viktwa 1 a 0. Nan Atletis Chnwa Liu Xiang bat rekò nan kous 110 mèt Hè a.. Kourè Baren dorijin Etyopyen Maryam Yussuf Jamal ranpòte kous 1500 mèt la. Nan tablo meday yo la chin fè koukouwouj ak yon total 137 meday dò devan Kore du Sud ki ranmase 47 meday dò epi Japon ki klase 3 zièm ak 46 meday dò.

Basketball

Los Anjeles Lakers te fè anpil efò pou l evite yon defèt devan Houston Rockets ke li kale 102 a 94. Denver Nuggets woule Atlanta Hawks 100 a 87 gras ak 26 pwen Carmelo Anthony make. Milwaukee Bucks ranpòte yon viktwa de justès devan Seattle Super Sonics 94 a 93. Matt Barnes make 32 pwen pou ede Golden State Warriors 122 a 113 devan Sakramento Kings.

Los Anjeles Lakers kapab pa gen sèvis Lamar Odom pou plis pase yon mwa akoz yon pwoblèm ligaman. Absans Odom nan liy datak Lakers yo kapab gen yon enpak sou Lakers yo kap domine divizyon Pasifik la ak 15 viktwa-6 defèt. Antrenè Phil Jackson fè konnen lap kontan anpil si Odom kapab rekòmanse jwe an Janvye.

Basketè ameriken Allen Iverson kigen 10 zan depi lap jwe nan Philadelphia 76ers mande pou l al jwe nan yon lòt klub akoz mezantant li genyen ak antrenè a. Responsab yo ap chache yon klub ki vle peye 15 milyon dola salè Iverson ap touche nan Philadelphia 76ers.

Tennis

Asosyasyon tenis Ameriken an fè konnen Zina Garrison ap kontinue kòm kapitèn ekip Fed Cup Ameriken an pou yon 4 trièm sezon apre yo pwolonje kontra l pou yon lòt ane. Etazuni ap akeyi Bèljik 21 e 22 Avril nan premye tou sezon 2007 la.

Cyclisme

Òganizatè kous bisiklèt Tour dEspay la anonse parkour konpetisyon an pou 2007 la kap kouvri yon distans 3,241 kilomèt. Konpetisyon an ap demare vil Pòtuè Vigo 1 Septanm pou l fini 23 Septanb apre siklis yo finn kouvri 21 etap.

XS
SM
MD
LG