Accessibility links

Breaking News

Ansyen Diktatè Chilyen Augusto Pinochet Mouri Dimanch 10 Desanm nan Nan vil Santiago


Jeneral Augusto Pinochet, nonm ki te kapote prezidan demokratikman eli chilyen Salvador Allende sou pouvwa a (yon sosyalis) nan yon koudeta ki te fè anpil san koule nan Chile an 1973 ak nan ane apre yo desede dimanch 10 desanm nan vil Santiago, kapital nasyon andin nan. Msye Pinochet te soufri yon kriz kadyak dimanch pase e'l te oblije sibi yon operasyon angioplastie coronarienne pou debloke yon venn nan kè li ki te bouche ak yon boul san. Doktè Juan Ignacio Vergera, pòtpawòl ekip espesyalis ki tap trete m'sye Pinochet a, presize fanmi jeneral la te bò kote l' lè li rann dènye souf li. Augusto pinochet te gen 91 zan.

Lapolis boukle lopital la, tandiske yon gwoup patizan Pinochet rete nan antre a kote yo tap lanse pawòl piman bouk kont moun kap pase nan machinn yo. Sipòtè sa yo te tonbe chante ym nasyonal chilyen an e rele "viv Pinochet" !

Pandan koudeta milite li te dirije jou 11 septanm 1973 la, Pinochet te ekzije pou prezidan Salvador Allende rann tèt li san kondisyon nan moman aviasyon militè li a tap vide bonm sou palè La Moneda-rezidans ofisyèl chèf leta chilyen yo-anba lavil Santiago. Prezidan Allende te prefere fizye tèt-li avèk yon mitrayèt prezidan kiben an, Fidel Castro, te fè li kado pase pou l' te remèt pouvwa a bay militè panzouis yo.

Augusto Pinochet Ugarte te pran nesans nan vil Valparaiso, 25 novanm 1915. Li te antre nan lame peyi a, kote rapidman li vinn gen grad ofisye. Nan mwa juin 1973 ,Chili tap naje nan yon grav kriz sosyal e ekonomik, lè prezidan sosyalis eli Salvador Allende mete l' nan tèt lame a kòm komandan an chèf. 3 mwa apre, avek ankourajman CIA, Santral Ranseyman Etazuni an, jeneral Pinochet bay Allende yon koudeta e koumanse ranmase patizan gouvènman an ak tout moun li sispek kòm eleman gochis. Jent militè li tap dirije a pat pran tan pou l' sispann tout aktivite politik, kraze palman an e mete baboukèt nan bouch tout moun. Jeneral la ak patizan l' yo defann mezi sa yo kòm pa ekstrèm ki te nesesè pou anpeche kominis fe dap-piyan sou peyi-a.

Jouk jounen jodi a, selon Sam Brett, kap travay pou òganizasyon imanitè Human Rights Watch, di anpil chilyen kwè jeneral Pinochet sove peyi yo. Brett di moun kap defann li yo se yon ti minorite tou zuit, men gen zòt ki di ou Pinochet te fè yon bann move bagay, men sa te nesesè. Selon yon rapò ofisyèl, anba rejim li an, fòs sekirite chilyen yo touye plis pase 3000 opozan ak disidan pandan ane ki te suiv koudeta 73 la. Apeprè 30,000 chilyen pote temwayaj pou di yo te sibi zak maspinay ak zak kraze-zo anba men jent militè m'sye Pinochet te dirije a.

Pandan li tap mache-pran opozan ak disidan chilyen pandan rèy 17 an 73-90 li a, jeneral Pinochet pat janm kache se li kap fè-e-defè nan Chili. Yon fwa li te bat lestomak li pou di ''yon fèy pap bouje nan peyi sa a si se pa mwen ki deplase li''. An bon kreyòl, nan Chili, avèk jeneral Augusto Pinochet, se ''plim ne gwouy''.

Gouvènman Pinochet a te abandonen politik sosyalis Allende yo, vann antrepriz leta e ankouraje yon politik eonomik mache-lib san gad deyè. Gwoup dwazimen yo di listwa pral sonje General Augusto Pinochet pou britalite diktati li a.

XS
SM
MD
LG