Accessibility links

Breaking News

Yon Antrepriz ap Finanse Kanpay Jamayik pou Pwochen Koup du Mond la


Nan Jamayik yon antrepriz gen plan envesti 100 milyon dola pou l patwone seleksyon nasyonal football jamayik la nan okazyon faz eliminatwa koup du mond FIFA gen pou òganize an Afrik du Sud. Responsab yo di dekèsman lajan an depann nan ki faz Jamayik rive nan konpetisyon rejyonal la.

Baltimore de Sen Mak ap kòmanse faz eliminatwa dè klub chanpyon ak vis chanpyon Karayib la nan Kingston Jamayik kote yo gen pou jwe 2 rankont. Sen Makwa yo kite Ayiti ak yon delegasyon 23 jwè ak espwa yo kapab fè pi bèl figi ke Aigle Noir ki elimine apre li subi 3 defèt pandan 3 rankont. Ekip Baltimore ap rankontre ak klub Jamayiken Powerhouse demen Vandredi a avan li rankontre ak Undeba yon klub ki soti nan Antig ak Barbuda Dimanch.

Yon lòt kote federasyon football ayisyen an prezante bay la près nouvo antrenè seleksyon an Kuben Lis Armelio Garcia ki te asistan antrenè seleksyon Martinik la.

Responsab yo nan KONKAKAF la publiye rankont pou faz final eliminatwa koup du mond Junior pou zòn nan. Group A a, kap jwe nan Panama, gen ladann Gwatemala, Ayiti, Etazuni ak Panama ap jwe soti 17 pou rive 21 Janvye 2007. Pandan group B a kap jwe O Meksik gen landan Kosta Rika, Sen Kitts and Navis, venkè seri ale/retou ant Trinidad and Tobago ak Jamayik (Jamayik te ranpòte match ale a devan Trinidad and Tobago) epi Meksik. Group sa a ap jwe soti 21 pou rive 25 Fevriye. 2 premye nan chak group yo ap kalifye pou faz final koup du mond Junior a kap dewoule O Kanada.

Chanpyona du mond dè klub chanpyon ap dewoule O Japon soti 10 pou rive 17 Desanm ak patisipasyon chanpyon chak federasyon yo.

Manchester United, Arsenal ak kalifye pou 8 tièm de final Lig dè chanpyon Eropeyen an. Real Madrid fè match nul 2 a 2 ak Dynamo de Kiev gras ak 2 gòl Ronaldo make nan fen 2 zièm mitan an.

Kore du Nò suprann Japon ak yon viktwa 2 a 1 pou l kalifye nan kar de final tounwa football Je Azyatik yo kap dewoule nan Doha Katar. Viktwa ki pral pwovoke yon gwo duèl ant 2 Kore yo Samdi nan kar de final la. La Siri kale Pakistan 2 a 0-Pakistanè yo gen 0 pwen nan group la. La Chin kale Oman 2 a 1 pandanke Irak danse sou Malezi 4 a 0. Iran fini nan tèt group D a gras ak yon swif 2 a 0 li pase End pandan Hong Kong suprann Maldives ak yon viktwa 1 a 0. Samdi nan kar de final la Kore du Nò kont Kore du Sud, Tailand kont Katar, la Chin kont Iran epi Uzbekistan kont Irak.

Nan tablo meday yo la Chin toujou nan tèt klasman jeneral la ak ak yon total 76 meday dò devan Japon ki kolekte 22 epi Kore du Sud ranmase 16 meday dò.

Atletisme

4 pibon peyi nan Art Marsyal trouve yo nan la Havan Kuba. Patisipan yo se Kuba, Jamayik, Trinidad and Tobago ak Republik Dominikè n.

Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa tou mens devan Toronto Raptors 95 a 91. Washington danse New York Knicks 113 a 102. Chikago Bulls woule Philadelphia 76ers 121 a 94. Atlanta Hawks ranpòte yon viktwa de justès devan Denver Nuggets 98 a 96.

XS
SM
MD
LG