Accessibility links

Breaking News

FIFA pap Pran Sanksyon Kont Jack Warner pou Magouyè


Football

Komite disiplinè FIFA pa fè oken rekòmandasyon sanksyon kont vis-prezidain FIFA a Jack Warner, sou akuzasyon li ta vann nan mache nwa plizyè milye tikè koup du mond FIFA 2006 la ki sot dewoule an Almay. Responsab komite a deklare jodi a pa gen prèv ke Warner vyole règleman FIFA pandan koup du mond la. FIFA dezaprouve aksyon an pandan yo mande msye Warner, ki se prezidan KONKAKAF la, pou l pi prudan pwochèn fwa.

Yon lòt kote FIFA publiye yon deklarasyon jodi a kote li fè konnen peyi ki klase 4 trièm nan KONKAKAF la pral jwe yon match de baraj kont peyi ki klase 5 kièm nan Amerik du Sud la pou yon plas nan koup du mond FIFA ap òganize an Afrik du Sud an 2010. FIFA deside chanpyon Oseyani a ap jwe yon match de baraj kont peyi ki klase 5 kièm sou kontinan Azyatik la. 13 reprezantan Eropeyen ap kalifye pou faz final la ansanm ak 5 peyi Afriken. Afrik du Sud deja kalifye otomatikman. Koup du mond la ap demare soti 11 jwen pou fini 11 Juyè 2010.

Antrenè Seleksyon Brezil la Dunga, di Ronaldinho dwe chanje fason li jwe si l vle jwen yon plas nan seleksyon nasyonal la. Deklarasyon sa a fèt malgre brezilyen an rekòmanse pran fòm li ak FC Barselòn. Deklarasyon sa a fèt nan moman Ronaldinho figure nan tèt lis 3 footbalè ki kapab ranpòte prim meyè foobalè FIFA pou ane a.

Barselòn evite yon eliminasyon nan koup dè chanpyon Eropeyen an gras ak Ronaldo ak Eidur Gudjohnsen ki make yon gòl yo chak kont Werder de Brem. Barselòn fini an 2 zièm pozisyon dèyè Chelsea ki kalifye pou 8 tièm de final la pandan ke Werder de Brem kalifye pou 16 zièm de final koup Unyon Football Eropeyen an. Christian Panucci make bout gòl AS Wòm de bezwen pou l kale Valans 1 a 0 pou l fini 2 zièm nan group D a. Klub Ukrenyen Shaktar Donesk kalifye pou UEFA a apre match nul 1 a 1 li fè ak Olympiakos. Jodi a gen 8 lòt match ki pral detèmine 4 lòt kalifye. Manchester United ak Arsenal poko finn sur yon kalifikasyon pou fas dechoukaj la.

Rezidan yo nan vil Cape Town an Afrik du Sud menase pou pran aksyon legal kont òganizatè koup du mond FIFA 2010 yo pou anpeche yo konstrui yon stad football 68 mil plas. Yon pòt pawòl Ministè Spò Sud Afriken fè konnen etan donne kantite tan sa kapab pran pou l rezoud kesyon nan tribunal donk gen anpil chans pou stad la konstrui nan yon lòt zòn.

Kore du Sud, Uzbekistan ak Tailand kalifye pou kar de final tounwa football Je Azyatik yo. Uzbekistan fini an premyè pozisyon nan group A apre yo woule Jordani 3 a 1 pandak e Katar van-nen Emirat Arab Uni yo ak yon swif 4 a 1.. Kore du Sud kalifye tou gras ak yon viktwa tou mens 1 a 0 li ranpòte devan Baren.Vyetnam van-nen Bangladesh 5 a 1. Tailand ranpòte group C a apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Koweit-Palestin tonbe devan Kyrgystan 3 a 0. Jodi a nap konnen lòt kalifye yo lè Iran ap rankontre ak End. Hong Kong kont Maldiv, Siri kont Pakistan, Japon kont Kore du Nò, Malezi kont Irak epi la Chin kont Oman.

La Chin kontinye ap pran distans li nan tablo meday yo nan okazyon je Azyatik yo kap dewoule nan Doha, Katar apre yo ranpòte 21 meday dò pandan 5 kièm jounen konpetisyon an. La chin gen yon total 59 meday dò kont 17 pou Japon e 13 pou Kore du Sud.

Jwè tenis Tailandè Paradorn Srichaphan abandone tounwa tenis senp Je Azyatik yo akoz yon blesu. Shrichaphan di li bezwen tan pou l repoze l avan li patisipe nan tounwa tenis Open Ostrali a, premye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a kap dewoule nan Melbourne.

Tennis

Ansyen vedèt tenis ameriken Chris Evert divòse ak mari l Andy Mill ofisyèlman apre 18 tan maryaj. Evert ap pran responsabilite 3 ti moun yo. Dapre desizyon juj la Evert gen pou l fè yon transfè 3 milyon dola jodi a sou kont an bank Andy epi depoze yon lòt 2 milyon dola nan fon retrèt ansyen atlèt la epi 2 milyon dola nan yon fon envestisman. Manmzèl ap kenbe mezon koup la posede nan Boca Raton ki vo 2.8 milyon dola pandanke Andy ap kenbe mezon vakans koup la posede nan Aspen Kolorado ki vo 4 milyon dola.

Basketball

Responsab NBA a David Stern pran responsabilite pou balon basketball la ki pa reponn ak ekzijans jwè yo. Msye Stern ki te pale ak jounal ameriken The New York Times di li louvri kounye pou l tande kòmantè jwè yo. Deklarasyon sa a fèt apre sendika basketè yo depoze plent sou kondisyon travay ak nouvo balon an. Responsab sendika yo di Asosyasyon Basketball la pat konsulte yo avan li pran desizyon pou l ekzije utilizasyon balon sentetik la, ke Shaquille O’Neal kalifye de yon jwèt ti moun.

6 fanatik basketball blese nan okazyon yon lese frape ki dewoule nan Koup Basketball Eropeyen ant klub Grèk PAOK Salonika ak Etwal Wouj de Belgrad. Match la te retade pandan prèske 30 minit pandan fanatik te boukante kout chez, kout mamit. Etwal Wouj de Belgrad subi premye defèt li nan konpetisyon apre yo tonbe 85 a 81 devan Salonika.

Zach Randolph make 31 pwen pou ede Portland Trail Blazers ranp̀te yon viktwa tou mens devan Detroit Pistons 88 a 85. Dallas Mavericks danse sou New Jersey Nets ki an difikilte ak yon viktwa 92 a 75. Phoenix Suns, Houston Rockets, Seattle Supersonics ak Los Anjeles Clippers yo tout ranpòte la viktwa.

XS
SM
MD
LG