Accessibility links

Breaking News

Hugo Chavez, Prezidan Venezuela, Ranpòte yon Dezyèm manda Sizan


Msye Chavez ranpòte eleksyon prezidansyèl dimanch 3 desanm nan, kote li tap chèche yon dezyèm manda kòm prezidan Venezuela--yon peyi rich ak petwòl e ki se senkyèm pwodiktè lò nwa a nan lemond.

Apre depouyman 78 pousan bilten yo, dapre prezidan Konsèy Elektoral venezuelyen an, Tibisay Lucena, Hugo Chavez ranpote 61 pousan vwa yo e rival li a, Manuel Rosales, 38 pousan.

Prezidan sòtan an rekolte apeprè 6 milyon vwa kont 3.7 milyon pou m'sye Rosales, selon rezilta pasyèl yo. 62 pousan elektora a, selon yon bilten ofisyèl rezilta yo, te soti al al lage bilten--yon chif ki montre li pratikman enposib pou m'sye Rosales konble eka ki separe l' ak Chavez la. Kèk minut apre pwoklamasyon rezilta sa yo, prezidan eli Chavez te parèt sou balkon palè prezidans lan, nan Caracas, e l' chante hym nasyonal peyi a.

Lidè venezuelyen, te pale pou plizyè milye sipotè l' ki, malgre gwo lapli, t'al devan palè a avek drapo nan men yo pou salye viktwa kandida yo a. M'sye Chavez kriye "viv revolisyon sosyalis la e deklare "pèp la sòt ekri destine li". Pèsonn pa dwe pè sosyalism...sosyalism imen. Sosyalism se lanmou. Prezidan eli Chavez kontinye pou l' di "reeleksyon li an se yon defèt pou prezidan Bush ki vle domine lemond". E li dedye prezidan Castro--ki malad depi kèk mwa nan Kiba--viktwa li a. Hugo Chavez gen 52 zan e Manuel Rosales, 53. Li te rive sou pouvwa a an desan 1998 e te viktim yon koudeta an 2002--koudeta yon gwoup militè fidèl anvè li nan lame a te ranvese an'n apre e remete l' sou pouvwa a. Depi lè a, li pa sispann kritike Lèzetazini, an patikilye gouvènman prezidan George W. Bush la, li kwè ki responsab tantativ koudeta kont li a. Nan yon diskou li te pwonose nan mwa septanm nan devan Asanble Jeneral l'Onu an, li te deklare prezidan Bush se "Satan". "Yè, nap site m'sye Chavez, dyab la te la a sou podyòm nan e jiskaprezan genyen yon lodè soufr kap monte nan sal la". Apa sa, m'sye Chavez fè alyans ak tout lidè gochis ou òm politik ki pa danse kole ak Lèzetazini, tankou lidè Kiba a, Fidel Castro ak prezidan Iran an, Mahmoud Ahmadinejad. Sepandan, li popilè anpil nan Vénézuéla, prensipalman nan mitan kouch pòv populasyon an ki benefisye pwogram sosyal ak subvansyon gouvènman li an. Prezidan Chavez pwomèt pou l' kontinye aplike sa li rele "revolisyon bolivaryèn " li a e redistribye richès peyi a pou ede klàs pòv yo. Advèsè li a, Manuel Morales, akize m'sye Chavez deske l' mete Venezuela sou chimen yon diktati kominis totalitè.

XS
SM
MD
LG