Accessibility links

Breaking News

Dix Mil Atlèt ap Patisipe nan Je Azyatik yo


Football

Iran ranpòte la viktwa 3 a 1 devan Maldives nan group D chanpyona football Je Azyatik yo kap dewoule nan Doha Katar.. La Chin kale Irak 1 a 0 nan group E a malgre yo jwe 2 zièm mitan an ak 10 jwè. Japon te fè anpil efò avan li kale Pakistan 3 a 2-- Kore du Nò fè match nul 0 a 0 fas a Siri. Nan group D a End fè match nul 1 a 1 ak Hong Kong. Oman pase sou Malezi 3 a 1 nan group E a.

Seremoni ofisyèl Je Azyatik yo ap dewoule nan demen. Gen 24 seleksyon nasyonal football kap patisipe nan je yo. Premye nan chak group yo ansanm ak 2 meyè 2 zièm yo ap kalifye pou jwe kar de final la. 12 mil atlèt, ki soti nan 45 peyi, ap patisipe nan konpetisyon an nan 39 disiplin.

Koup Unyon Football Eropeyen an ap kontinye jodi a ak yon seri de rankont Paris Sen Jermen kont Mlada Boleslav. Nancy kont Feyenoord de Rotterda m. Yè Mèkredi a Oksèr woule patizan de Belgrad 4 a 1. Parme ranpòte yon viktwa tou mens devan Lens 2 a 1.

An Itali Inter de Milan ak AS Ròm kalifye pou kar de final Koup DItali a apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Triestina ak Messine ki tonbe 4 a 0. Palerme gen pou rankontre ak Sampdoria de Jè n epi Verone kont Reggina.

An Almay Federasyon football alman an fé konnen koup du mond yo sot òganize a rapòte plis pase 140 milyon dola benefis. Apre yo finn peye taks ak FIFA ki estime ak yon valè anviwon 45 milyon dola, federasyon fè konnen lap kenbe nan kès li anviwon 60 milyon dola-mwatye nan lajan an pral distribye ant klub premyè divizyon Bundersliga a.

Kourè Olenpik ameriken Justin Gatlin kap purje yon suspansyon 8 tan pou dopaj, kömanse antrene ak ekip football zèpòl kare ameriken Houston Texans. Responsab yo di yo poko gen plan pou siyen yon kontra ak Gatlin.

Basketball

New York Knicks te fè anpil efò avan li kale Cleveland Cavaliers 101 a 98. Boston Celtics tonbe devan New Jersey Nets 106 a 103. Dallas Mavericks danse sou Toronto Raptors 117 a 98. Utah Jazz pilon-nen San Antonio Spurs 83 a 75. Orlando Majick danse sou Seattle Supersonicks 94 a 84.

Responsab yo nan NBA a frape antrenè Los Anjeles Lakers la Phil Jackson yon amand 25 mil dola apre li pat mete dlo nan bouch li pou kritike abit yo pandan yon rankont semen pase a--yon rankont Lakers yo te pèdu.

Olympic

Vil Salzburg jwen supò gouvènman Otrichyen pou l òganize je zolenpik dhivè yo an 2014. Gouvènman an anonse li aprouve yon budjè 965 milyon dola kòm frè depans pou òganizasyon je yo si Komite Olenpik la seleksyone yo an Juyè pwochen. Lòt vil kandida se vil Sud Koreyen Pyeongchang, vil rus Sochi.

Cyclisme

3 meyè ekip siklis mondyal ap patisipe nan Tour Kalifòni kap kòmanse ane pwochè n. Discovery Channel, Ekip CSC ak Predictè-Lotto se 3 premye ekip siklis sou yon total 16 ki deja konfime patisipasyon yo. Kous la kouvri plis pase mil kilomèt pou yon total 8 etap.

XS
SM
MD
LG