Accessibility links

Breaking News

Italyen Fabio Cannavaro Ranpòte Balon Dò Eropeyen an


Football

Footbalè Italyen Fabio Cannavaro kap jwe nan Real Madrid ranpòte 51 nièm edisyon balon dò Eropyen an. Jounal Frans Football ofri pri a bay meyè footballè kap evolye sou kontinan Eropeyen an.

Jodi a nap konnen dènye kalifye group g lè Antigua e Barbuda ap rankontre ak Gwadeloup epi Guyan kont Republik Dominikè n. Nan klasman jeneral la Guyan gen 6 pwen. Gwadeloup ak Republik Dominikèn gen 3 pwen yo chak. Bermud ak Haiti juska prezan kalifye pou jwe yon triyangulè de baraj kap detèmine dènye peyi kap kalifye pou faz final koup Digicel la kap dewoule nan Trinidad and Tobago an Desanm.

Volleball

World Volleyball La Frans pèdu 3 set a 2 devan Bulgari jodi a nan Hiroshima nan okazyon kar de final chanpyona du mond volebòl kap dewoule o Japon. Franse yo dwe bat Itali demen Mèkredi a epi espere Brezil pèdu devan Bulgari si yo vle kalifye pou semi final la ki fikse pou Samdi.

Basketball

Miami Heat te fè anpil efò avan li kale Philadelphia 76ers 103 a 91 malgre Allen Iverson make 45 pwen nan rankont la. Dallas Mavericks kale Minnesota Timberwolves 93 a 87 pou l ranpòte 10 zièm viktwa afile l. Orlando Majik woule Utah Jazz 88 a 75.Golden State Warriors tonbe devan San Antonio Spurs 111 a

XS
SM
MD
LG