Accessibility links

Breaking News

Nan Peyi Dayiti, Pati Konsène yo fè yon Rankont pou yo Anvizaje Dispozisyon ki Nesesè pou Garanti Bon Dewoulman Eleksyon 3 Desanm yo


Nan peyi Dayiti, pati konsène yo (reprezantan gouvènman an, responsab lapolis ak MINUSTAH, e manm Konsèy Elektoral la) fè yon rankont yè jedi 23 novanm nan pou yo te anvizaje dispozisyon k ap pèmèt yon bon dewoulman eleksyon ki fikse pou 3 desanm pwochen an. Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François Jr. ap ban nou detay.

Yon lòt kote, responsab elektoral yo nan nò peyi Dayiti kòmanse distribiye materyèl ki pral sèvi nan jou eleksyon an, daprè yon korespondans Yvan Martin Jasmin depi Kap-Ayisyen.

Anfen, nan Plato Santral la, kèk kandida fè konnen yo gen gwo kè-sote devan posiblite pou moun ki gen move entansyon ta chache gate eleksyon 3 Desanm-an. Jean Christophe Collègue ap eksplike depi Mirebalais.

XS
SM
MD
LG