Accessibility links

Breaking News

Etazuni ak Meksik Kalifye pou Faz Final Koup du Mond FIFA a


Football

Kanada ak Etazuni kalifye pou final koup dò KONKAKAF la an mè m tan kalifye pou faz final koup du mond football Feminen an ki gen pou dewoule an Chin an 2007. Kanada danse sou Jamayik 4 a 0 pandan ke Etazuni pilon-nen Meksik 2 a 0. Malgre defèt la Jamayik ap reprezante Karayib la nan Je Panameriken ki gen pou dewoule nan Rio de Janiero o Brezil an 2007.

Anyen poko finn deside nan 2 zièm tou koup Digicel la( group G) kap dewoule nan Barbados. Bermud woule Bahamas 4 a 0 pandan ke Barbad suprann Sen Vensan e Grenadin ak yon viktwa 3 a 0. Pou kounye a se sèl Barbad ki kalifye apre 2 viktwa. Sen Vensan e Grenadin ansanm ak Bermud gen 3 pwen yo chak. Donk demen Vandredi a si Bermud kale Barbad ak 2 gòl diferans yap kalifye pou faz final la kelke swa rezulta match ant Sen Vensan e Grenadin fas ak Bahamas la.

Inter de Milan kalifye pou 8 tièm de final Lig dè Chanpyon Eropeyen an apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Sporting de Lisbon nan group B a. Bayern de Munich kalifye tou malgre match nul 2 a 2 yo fè ak Spartak de Moskou. Chelsea, kalifye pou faz dechoukaj la malgre yo pèdu 1 a 0 devan Werder de Brem nan group A a gras ak yon viktwa 2 a 0 FC Barselòn ranpòte cevan Levski de Sofia. Barselòn dwe kale Werder de Brem 5 Desanm si l vle kalifye pou 8 tièm de final la pandan ke Werder de Brem bezwen yon nul sèlman. 10 klub deja gen tikè yo pou faz dechoukaj la. Lòt 6 plas pral deside nan dènye rankont group yo

FIFA entèdi Iran pou l pa patisipe nan oken aktivite entènasyonal akoz enjerans gouvènman an nan federasyon football peyi a. FIFA di Iran pa respekte règleman yo sou endepandans federasyon yo epi fason gouvènman an chanje dirijnan yo. Federasyon Iranyen te gen juska 15 Novanm pou l te retounen prezidan elu federasyon an Mohammed Dadgan nan pòs li. Iran kalifye pou faz final koup Azyatik la an 2007. Yo kapab retounen mand federasyon football entènasyonal la apre yo prepare yon nouvo statu epi òganize nouvo eleksyon sou supèvizyon Konfederasyon Football Azyatik la ak FIFA.

Prezidan Federasyon Football Bèlj la, Francois De Keersmaecker, menase pou l revoke antrenè seleksyon an, Rene Vandereycken, si pa gen amelyorasyon. Bèljik klase 5 kièm nan group A eliminatwa Euro 2008 la ak sèlman 7 pwen pou 5 rankont.

Footbalè Kamerounè Samuel Eto’o byen plase pou l resevwa pou yon 4 trièm ane konsekutif pri meyè footbalè afriken pou ane a devan Didier Drogba ak Ganeyen Michael Essien ki te nan menm situasyon an ane pase.

Gen 3 match football zèpòl kare ki fikse nan okazyon fèt aksyon de gras la isit Ozetazuni. Miami Dolphins pral lakay Detroit Lions. Dallas Cowboys ap akeyi Tampay Bay epi Kansas City prale tope kòn li an Denver.

Basketball

San Antonio Spurs demantibile Miami Heat yè swa 106 a 86 gras ak yon seri de konbinezon Tim Duncan, Tony Parker ak Manu Ginobili. Detroit Pistons te fè anpil efò avan yo kale Atlanta Hawks 103 a 98. Lòt venkè yo se Milwaukee, Minnesota, Orlando Majik, Toronto, Charlotte, Phoenix, Houston, Utah, Denver ak Seattle. Washington Wizards tonbe devan Houston Rockets 86 a 82.

Atletisme--Haiti / Republik Diminikè n

Se demen Vandredi a premyè edisyon Je Amitye ant Republik dAyiti ak Republik Dominikèn ap kòmanse nan vilaj fwontalyè Jimani ak Ganthier. Plis pase 500 atlèt, kap soti nan 2 peyi yo, e ki gen laj ant 12 a 17 tan, ap patisipe nan disiplin Judo, Tae Kwondo, Football, mini tenis ak Volebòl. Konpetisyon an ap fini Dimanch 26 Novanm nan. 2 zièm edisyon ap dewoule an 2007 nan vil Dajabon ak Wanament. 3 Edisyon an fikse pou 2008 ant Elias Pinas ak / Beladèr.

XS
SM
MD
LG