Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Nasyon Ayisyèn nan Komemore 203zyèm Anivèsè Lagè Endepandans Premye Repiblik Nwa a


Nan peyi Dayiti, pi presizeman nan Depatman Nò a, seremoni ak manifestasyon dewoule jodi Samdi 18 Novanm 2006 la pou make 203zyèm anivèsè Konba Vètyè a, swa dènye konba ki te debouche sou endepandans peyi a. Sou plas nan vil Kap-Ayisyen, tou prè kote Vètyè sitiye a, nou genyen korespondan nou Yvan Martin Jasmin k ap pote detay.

Yon lòt kote, yè vandredi a, isit Washington, militan dwa zumen dominiken, Sonia Pierre, te resevwa Pri Robert Kennedy pou Dwadelòm nan, nan yon seremoni ki dewoule nan lokal Sena Ameriken an. Madam Pierre ap di nou kisa Pri sa a reprezante pou li.

XS
SM
MD
LG