Accessibility links

Breaking News

Meksik Gen yon Nouvo Antrenè


Football

Nouvèl ki soti an Espay ak Itali fè konnen kapitèn seleksyon Italyen an Fabio Cannavoro , kap jwe nan Real Madrid non-men kòm balon dò Eropeyen an. Cannavor se 4 trièm footbalè Italyen ki ranpòte trofe Frans Football apre Gianni Rivera (1969), Paolo Rossi ( 1982) e Roberto Baggio( 1993). Jounal la ap renmèt pri a 27 Novanm nan vil Pari an Frans.

Ansyen atakan Reyal Madrid Hugo Sanchez non-men kòm nouvo antrenè seleksyon Meksik la. Responsab 18 clubs Meksiken yo vote an favè Sanchez apre arjanten Americo Gallego te retire kandidatu l.. Sanchez pral dirije seleksyon Meksiken kap patisipe nan koup dò KONKAKAF la, Copa Amerika ak match kalifikatif koup du mond football FIFA ap òganize an Afrik du Sud an 2010.

Lig football balon ameriken ap òganize tiraj osò jodi- a ak posibilite pou Toronto Football Klub fè premye chwa pami jwè ke 12 klub yo pa pwoteje. Antrenè Mo Johnson gen posibilite pou l chwazi 13 jwè entènasyonal pandan jwè kanadyen ak rezidan ameriken konsidere kòm jwè domestik. Pami jwè ki disponib yo nou jwen, Adrian Serioux ki sot ranpòte tit nasyonal la ak Houston Dynamo, Jamayiken dorijin Kanadyen Andy Williams, Tony Meola, Joe Franchino ki te kapitè n New England Revolution nan. Dapre règleman yo chak klub gen dwa pwoteje 11 jwè sou lis 28 jwè ki fè pati klub la. Kolorado Rapids mete ayisyen Fabrice Noel sou lis jwè ki pa pwoteje yo. New York Redbulls pa pwoteje ameriken dorijin ayisyen Laventure Jerrod.

Klub football ameriken Real Salt Lake ap tounen premye klub kap pote logo yon konpayi devan mayo jwè yo. An retou Real Salt Lake ap resevwa ant 4 a 5 milyon dola pou andose yon ju konpayi Xango ki baze nan Utah. Klub football Angle Manchester United siyen yon kontra anviwon 25 milyon dola ak konpayi asurans ameriken AIG pou patwone konpayi a.

NBA

Houston Rokets te debplwaye tout efò pou l kale Chikago Bulls 101 a 100. Baron Davis make 36 pwen pou ede Golden State Warriors 117 a 105 devan Sakramento Kings. Davis fè 18 pas ki make pwen nan viktwa a.

Atletisme

Trevor Graham ansyen antrenè yon seri de atlèt gwo kalib ameriken plede non koupab ke li te bay anketè ameriken kap ankete sou dosye BALCO a manti. Msye peye 25 mil dola kosyon an tantan li prezante devan tribunal pou l reponn ak akuzasyon yo.

Voleball

Volleyball La Frans kale la Grès 3 a 1 nan chanpyona du mond volebòl maskulen kap dewoule o Japon.Brezil remonte yon defisi pou l kale Kuba 3 set a 1 nan chanpyona du mond Volebòl maskulen kap dewoule O Japon. Etazuni tonbe devan Venezuela 3 set a 1 nan group C a. Republik Tchèk woule Iran 3 manch a 0 La Frans kale la Grès 3 a 1. La Polòy woule la Chin 3 set a 0. Porto Riko pase sou Arjantin 3 set a 2. Kanada danse sou Kazakhstan 3 a 0 epi Sèbi -Montenegro woule la Rusi 3 manch a 0.

Tennis

Vedèt tenis Espayòl Rafael Nadal remonte yon defisi pou l kale Rus Nikolay Davydenko 5-7, 6-4, 6-4 pou l kalifye pou semi final tounwa tenis dè Mèt yo kap dewoule nan Shangai an Chin. Nadal pral rankontre nan semi final la ak Swis Roger Federer pandan ke ameriken James Blake pral rankontre ak arjanten David Nalbadian.

XS
SM
MD
LG