Accessibility links

Breaking News

Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal Sanksyone Aljeri


Atletisme

Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la suspann Aljeri de tout aktivite entènasyonal akoz enjerans gouvènman an. Federasyon an pran desizyon an yè Madi a apre desizyon Minis Spò Aljeryen an pran pou l disoud federasyon an epi non-men yon komite pwovizwa. Sa vle di atlèt aljeryen yo pa kapab patisipe nan oken konpetisyon entènasyonal. Dapre règleman yo gouvènman yo pa kapab revoke yon federasyon ki te elu nan yon eleksyon.

Basketball

Camelo Anthony make 33 pwen pou ede Denver Nuggets ranpòte yon bèl viktwa devan Miami Heat 112 a 105. Milwaukee, Minneapolis, New Orleans, San Antonio, Dallas, Utah ak Golden State Warriors yo tout ranpòte la viktwa.

Football

Anpil aktivite jodi mèkredi-a Nan yon ti moman la-a nan n Stad de Frans-la , 26 jwè foutbòl ki te ranpòte Mondyal 1998 ak sila-yo ki te ranpòte EURO 2000-la ap resevwa onè ak wochan e onè avan match amikal ant Frans ak Grès. Zidane ap la. Tierry Henri mande si pou-l vini an kostum ou byen en tenu spòtiv. Patrick Vira avèk 100 seleksyon.

Jodi-a tou Seleksyon Brezil ap rankontre ak Lasuis nan vil Bal san sèvis, Ronaldo, Adriano , Lucio ak Emilson. Sepandan Almay ap jwe li-menmm, yon match ofisyèl an deplasman kont Chipr nan kad eliminatwa EuRO 2008-la nan Poul 8-la . Epi genyen yon pakèt yon lòt match kalifikatif ki deja ap dewoule konnye-a la-a : Rusi gentan ap men-nen 2 a 0 sou Masedwann e yo nan fen match-la 86e minut de jeu. ;Izraèl ap men-nen 1 a 0 sou Kwasi nan gwoup E-a . Match-la ap jwe nan Tel Aviv; nan Gwoup A-a genyen yon Poloy-Bèljik nan Brusèl.

responsab Real Madrid-yo avèk prezidan-an an tèt Ramon Calderon , prezante ofisyèlman adolesan brezilyen Marcelo Vieira Da Silva Junior ki gen 18 tan --- ki tap jwe nan Fluminense o Brezil. Marcelo siyen pou-l jwe nan ekip-la jiskan 2012 . Marcelo ap gen pou ranplase konpatriyòt-li Roberto Carlos ki rete yon lane ankò ak Real.

Ostrali ak Gana fè match nul 1 a 1 nan kad yon match football chofe jarèt ki jwe ant 2 seleksyon yo nan vil Lond.n Peyi dè Gal danse sou Liechsteinstein 4 a 0. Frans kont la Grès nan match amikal entènasyonal jodi a. Cylcing / Landis Sanble yon erè administrativ te komèt nan echantiyon urin siklis ameriken Floyd Landis ki te montre li gen yon wo nivo testosteron nan urin nan. DApre jounal franse Le Mond numewo dosye urin ki te teste a se 994.474 aloske dosye Landis se 995.474--yon arguman avoka Landis yo pral soulve Vandredi kap vini la a nan Tuskon Arizona.

Tenis

Nan 4e jounen Masters Cup-la kap dewoule nan Shangay, numewo 2 mondyal-la ,Rafel Nadal kale konpatriyòt-li Tommy Robredo an 2 sèt :7-6, 6-2. Nadal kalifye e Robredo elimine . Akoz de viktwa sa-a ameriken James Blake ki kale rus Nikolay Davidenko 2 sèt a 1 tounen premye kalifye pou demi final-yo.

Jwè tenis Arjanten David Nalbadian ap nan tèt seleksyon koup Davis Arjanten an ki pral rankontre ak la Rusi nan final koup Davis la ki fikse du 1 au 3 Desanm. Lòt arjanten yo se Juan Ignacio Chela, Guillermo Cana, Augustin Calleri epi Jose Acasuso

XS
SM
MD
LG