Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Deklare Li Prè Pou l Kolabore ak Nouvo Lidè Nan Kongrè a


Prezidan Bush deklare viktwa pati demokratla ranpòte nan sena a e nan chanm dè reprezantan an nan eleksyon lejislaytiv yo, se yon gwo opòtinite pou repibliken ak demokrat yo montre yo kapab travay ansanm.

Msye Bush fè kòmantè sa a jodi vandredi a aprè yon rankont li te fè ak senatè demokrat Harry Reid. Analis yo atann aske Senatè Reid tounen lidè majorite sena a lè kongrè a rekòmanse fè seyans nan mwad janvye kap vini an.

Senatè Reid deklare li menm ansanm ak prezidan Bush dakò ke sèl jan pou yo pouse pou pi devan se a travè kooperasyon e antant ant tou 2 pati yo (demokrat ak repibliken.)

Prezidan Bush lanse apèl pou demokrat ak repibliken yo mete mezantant yo akote e pou yo travay nan tèt ansanm sou kesyon enpòtan yo.

XS
SM
MD
LG