Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Aksepte Responsablite l Pou Echèk Pati Repibliken an Sibi nan Eleksyon Mi-Manda Madi 7 Novanm 2006 la


Nan yon konferans de près Msye Bush bay a mèkredi e ki pase sou televizyon, lidè ameriken an di li pral travay pou l jwenn yon tèren d antant ak pwochen lidèrship demokrat la nan chanm dè reprezantan an.

Prezidan Bush anonse tou demisyon sekretè defans Etazini an Donald Rumsfeld. Msye Bush chwazi ansyen chèf CIA Robert Gates pou ranplase Msye Rumsfeld.

Prezidan Bush ajoute viktwa demokrat yo pa vle di ke twoup ameriken yo pral fè retrè kounye a.

Prezidan Ameriken an anonse ke li pral kòmanse fè konsiltasyon ak lidè pati demokrat la yo jedi.

Pou sa k konsène sitiyasyon an nan peyi Irak, prezidan Bush deklare rezilta eleksyon an ozetazini pa pral chanje strateji y ap itilize nan Irak la, yon nasyon ke lagè finn ravaje.


Chèf mezon blanch la ajoute ke kounye a, pwiske demokrat yo pran kontwòl chanm dè reprezantan an, li pi sanble ke kongrè a pral pase lwa refòm imigrasyon, tankou pwogram travayè sezonye la mezon blanch propoze a.

Palmantè repibliken yo p at dakò ak kèk nan plan refòm imigrayson prezidan Bush yo.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay.

XS
SM
MD
LG