Accessibility links

Breaking News

Demokrat yo Repran Kontwòl Kongrè Ameriken an


Eleksyon ki dewoule madi 7 novanm nan Ozetazini rebay pati opozisyon demokrat la kontwòl Chanm Depite yo (ou Chanm Reprezantan yo) tandiske kontwòl Sena a depann kounye a de eta Vijini kote yo ta dwe rekonte bilten pou konfime, ou ranvèse, viktwa Demokrat Jim Webb. Se premye fwa Demokrat yo ranpòte majorite syèj nan Lachanm nan depi 1994.

Depute Kalifòni Nancy Pelosi pral tounen premye fi ki Prezidan Chanm Reprezantan yo e li te gen yon mesaj pou Prezidan Bush pandan li tap pran lapawòl devan patizan demokrat li yo yè swa nan Washington. Depute Pelosi deklare: Nou di prezidan an, nou bezwen yon nouvo direksyon nan Irak.

Sware elektoral sa a pat pote anpil bon nouvèl pou Repibliken yo, eksepte kèk zòn, pa egzanp nan eta Tennessee, kote Bob Corker bat jèn depite demokrat Harold Ford pou yon pòs nan Sena a. Msye Corker di kanpay li a te fè fas ak anpil van kontrè, men, bout pou bout, chwa a te nan men pèp Tennessee a (e li chwazi kandida repibliken an).

Prezidan Bush bay yon konferans-de-près sou rezilta eleksyon yo kote li pwomèt kolaborasyon ak nouvo lidè Kapitòl la. Li gen pou li resevwa Nancy Pelosi nan Mezon Blanch anvan semèn nan bout.

Ou ka koute plis detay sou jounen eleksyon 7 novanm nan si ou fè klik sou ralonj ki anlè foto Depite Pelosi a.

XS
SM
MD
LG