Accessibility links

Breaking News

Irak: Lajistis Kondane Amò Ansyen Prezidan Saddam Hussein Ansanm ak 2 Lòt Akize Pou Krim Kont Limanite


Yon tribinal nan Irak kondane Saddam Hussein pou l' mouri pandye pou krim kont limanite rejim li tap dirije a te komèt sou 148 kretyen-vivan nan vil Dujail an 1982. Tribinal la jwenn Saddam, yon demi frè li ak yon ansyen gwo responsab rejim dechouke li a koupab e l' kondane yo amò. Nan moman majistra a tap li vèdik la, Saddam, te leve kanpe (li tap tranble tou) e tonbe rele ''Bondye gran ! Viv pèp irakyen an e aba tout lennmi pèp la. Viv nasyon an ki chaje glwa, e lanmò pou lennmi li yo''.

Anpil moun krenn pou vèdik sa a pa vinn jete luil sou dife vyolans konfesyonèl (pou kòz relijyon) kap sakaje Irak la. Afwontman eklate jodi dimanch 5 novanm lan nan distri sunit Azamiyah, nan nò vil Bagdad, kapital Irak. Men nan lòt sektè kapital la, se avek kout zam anlè rezidan yo selebre pwoklamasyon santans akize yo. Salih Al-Mutlaq, yon lidè politik sunit, deklare sou chèn televizyon arab pa satelit Al-Arabiya: " Gouvènman sa a pral pote responsabilite konsekans yo, avek lanmò plizye santèn e petèt plizyè santèn milye moun ki pral pèdi lavi yo".

Saddam, plis 7 moun yo akize avek li tap jije pou yon vag represyon mele ak vanjans yo te fè nan Dujail apre yon tantativ asasinay sou ansyen diktatè a an 1982. Pati politik Dawa premye minis Nouri al-Maliki, ki te nan yon opozisyon "dòmi nan bwa'' kont rejim Saddam Hussein nan, revandike tantativ asasinay sou ansyen prezidan kanson fè irakyen an.Nan lari vil Dujail menm, yon vil 84 mil abitan tou pre flèv Tigre a, popilasyon an ap fete e yo boule pòtre ansyen diktatè ki te fè yo pase mati a.

Santans koupab akonpaye ak pèn lanmô a dwe ale kounye a devan yon komite revizyon 9 jij ki kapab kase jijman an ou mentni li. Si komite a mentni kondanasyon an, otorite yo genyen 30 jou pou yo ekzekite santans la.

Nan Tikrit, vil natif-natal Saddam, apeprè 2.000 moun brave kouvrefe otorite yo enpoze nan vil la e defile nan lari avèk foto idòl e chouchou yo a, ansyen prezidan Saddam Hussein. Sèten nan manifestan yo deklare "tribinal la se yon pwodui fòs okipasyon ameriken yo e yo kondane vèdik la: ak nanm e ak san nou, nap sakrifye lavi n' pou ou Saddam. Saddam non ou senpman fè Lèzetazini tranble".

Anbassadè ameriken nan Irak la, Zalmay Khalilzad, pibliye yon deklarasyon kote li di ''vèdik sa a demontre angajman pèp irakyen an pou l' fè ansyen dirijan yo konprann "yo gen kont pou yo rann''. Msye Khalizad kontinye pou l' di "malgre irakyen yo ka fè fas ak kèk semen difisil, fèmti "chapit nwa Saddam ak rejim li an se yon okazyon pou inite e pou yo bati yon meyè avni.

Pwosè Saddam Hussein avèk 7 lòt akize yo te dire 9 mwa.

Fè klik sou ralonj anlè atik sa a pou w ka koute yon repòtaj Chérubin Dorcil.

XS
SM
MD
LG